Accessibility links

Breaking News

American Express Sispann Operasyon li nan La Risi


Foto Achiv: Logo konpayi American Express.
Foto Achiv: Logo konpayi American Express.

American Express anonse Dimanch lap sispann tout operasyon li nan La Risi ak Byelorisi.

Kat entènasyonal American Express yo pap fonksyone ankò nan komès ni machin ATM pou pran lajan nan La Risi, konpayi a fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye. Kat kredi AmEx ke yo distribye lokalman nan La Risi pap fonksyone andeyò peyi a non plis.

Anvan sa, konpayi a te sispann relasyon ni ak bank nan La Risi ki afekte pa sanksyon Etazini ak lot gouvenman entènasyonal yo pran kont peyi a, konpayi a deklare.

XS
SM
MD
LG