Accessibility links

Breaking News

Depatman d'Eta Ameriken Rekòmande pou Tout Sitwayen Ameriken Kite La Risi Imedyatman


Foto Achiv: Anbasad Etazini nan Moskou, La Risi, 11 Me 2021.
Foto Achiv: Anbasad Etazini nan Moskou, La Risi, 11 Me 2021.

Depatman d'Eta chanje konsèy li vizavi sa li te di sitwayen li yo sou kesyon vwayaj nan La Risi, e kounyea li rekòmande pou tout sitwayen Ameriken mare paket yo pati kite La Risi medyatman .

Avètisman an bay konsèy sa a: "Si ou vle kite La Risi, ou ta dwe fè aranjman poukont ou pi vit posib. Si ou gen entansyon rete nan La Risi, konprann byen ke Anbasad Etazini gen limitasyon sevè pa rapò ak kapasite li pou'l ede sitwayen Ameriken, ak kondisyon, pami yo opsyon transpò, kapab chanje sanzatann."

Depatman d'Eta deja konseye Ameriken pou yo pa vwayaje nan La Risi. Avètisman sa a site "atak san pwovokasyon ak enjistifye fos militè Ris yo lanse nan Ikrèn" epi "potansyèl pou responsab sekirite gouvènman Ris la trakase sitwayen Ameriken" antwot.

Anbasadè Etazini nan Moskou, John Sullivan, gen entansyon fè yon rankont vityèl Mèkredi pou sitwayen Ameriken nan La Risi "fas ak sityasyon an kap devlope rapidman" akoz envazyon Ris la.

XS
SM
MD
LG