Accessibility links

Breaking News

Yon Tantativ Seselfe nan Ikrèn Echwe Apre La Risi Pran Tire


Yon moun ede yon ganmoun travese rivye Irpin nan anba yon pon ki detwi nan yon atak ak misil La Risi lanse, nan moman sivil yo kouri kite vil Irpin, Ikren, Samdi 5 Mas, 2022.
Yon moun ede yon ganmoun travese rivye Irpin nan anba yon pon ki detwi nan yon atak ak misil La Risi lanse, nan moman sivil yo kouri kite vil Irpin, Ikren, Samdi 5 Mas, 2022.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, avèti Ikrenyen yo ke souvrènte yo menase.

Putin fè deklarasyon sa a pandan yon diskou Samdi kote li di lidè Ikrenyen yo mete an danje avni peyi yo antanke eta endepandan. Diskou sa a fèt pandan premye tantativ seselfe pou evakye sivil ki dezespere yo te kòmanse nan 2 vil ki anba syèj. Men jefò a te echwe san pèdi tan.

Putin dekri sanksyon L'Oksidan tou tankou yon "deklarasyon lagè" men li ajoute "Mèsi Bondye, nou poko rive nan pwen sa a."

Jefo pou mete ann aplikasyon yon seselfe pwovizwa nan vil Mariupol ak Volnovakha nan lès montre frajilite jefò pou rete batay la toupatou nan Ikrèn.

Responsab chak peyi blame lòt la pou echèk la. Pandansetan, kantite moun kap kouri kite Ikrèn rive 1.4 milyon.

XS
SM
MD
LG