Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ikrèn Lanse yon 'Apèl Dezespere' bay Senatè Ameriken yo pou Ede l Konbat Envasyon Ris la


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pale ak nasyon an Dimanch 27 Fevriye, 2022.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pale ak nasyon an Dimanch 27 Fevriye, 2022.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy lanse yon "apèl dezespere" bay senatè Ameriken yo Samdi pou voye plis avyon pou ede peyi a konbat envazyon Ris la.

Zelenskyy fè demann nan pandan yon apèl ki te gen patisipasyon plis pase 300 moun, pami yo senatè ak depite La Chanm epi konseye.

Lidè Majorite Sena a, Chuck Schumer, yon Demokrat ki reprezante Nouyòk, deklare ke Zelenskyy fè yon "apèl dezespere pou peyi Ewòp de Lès yo voye avyon Ris bay Ikrèn.

"Mwen pral fè tout sa'm kapab pou ede administrasyon an fasilite transfè a," Schumer fè konnen.

Schumer di Zelenskyy palmantè Ameriken yo enspire pa li ak fòs ak kouraj pèp Ikrenyen an, dapre yon moun ki te patisipe nan apèl la e ki jwenn konsantman pou'l diskite sa'k te di depi yo pa site non'l.

Kongrè Ameriken an ap travay sou yon pwojè lwa 10 milya dola asistans militè ak imanitè pou Ikrèn, e Schumer di Zelenskyy ke palmantè yo espere apwouve li vit e prese.

Zelenskyy di senatè yo li bezwen avyon ak dron plis pase tout lòt zouti sekirite, dapre yon konseye Senatoryal, ki te akòde anonimite pou'l diskite sou rankont prive a.

XS
SM
MD
LG