Accessibility links

Breaking News

Lapolòy Anba Gwo Presyon nan Moman plis pase yon Milyon Refijye Ap Kouri kite Ikrèn


Moun ki kite Ikren tann yon otobis ki pral mennen yo sou frontye ak Poloy nan vil Medyka, 4 Mas 2022.
Moun ki kite Ikren tann yon otobis ki pral mennen yo sou frontye ak Poloy nan vil Medyka, 4 Mas 2022.

Nan moman yon tren k ap sòti Lviv ap travèse liy fwontyè polonè a, kèk timoun parèt tèt yo nan fènèt la, pandan ke imaj zak tèrib yo kite dèyè kòmanse diminye nan lespri yo, gras ak tout kiryozite ki nan tèt yo deja. Bò kote yo nou jwenn manman yo ak gran paran yo, ki chita nan tren an, byen fatige.

Lè tren an rive nan vil Prizemysl, plizyè ekip gad ak volontè polonè ap ede yo sou platfòm nan. Yo se dènye refijye ewopeyen an dat. Pami yo genyen fanm ak timoun sèlman. Yo kite dèyè mari yo, papa yo, pititgason yo. Gason yo fèt pou rete nan peyi a pou yo goumen. Doulè ki makonen ap depa sa a parèt a-kè sou figi tout moun.

Lavi yo, ki devaste, diminye pou l tounen tou senpleman yon malèt plen ak rad e 2 zou 3 souvni yo renmen anpil ke yo te prese ranmase nan panik dènye minit yo te genyen pou yo prepare yo pou vwayaj la. Chen ak chat fanmi an ap patisipe tou nan vwayaj depeyizman sa a: tichat an plastik, tichen ki gen yon kòd nan kou yo.

XS
SM
MD
LG