Accessibility links

Breaking News

AIEA Gen Kè Sote pou Kontwòl La Risi Genyen sou Santral Nikleyè Ikrèn nan


Santral Eneji Nikleye Nasyonal Ikren nan pran dife apre fos Ris yo te atake'l 4 Mas, 2022.
Santral Eneji Nikleye Nasyonal Ikren nan pran dife apre fos Ris yo te atake'l 4 Mas, 2022.

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la di fos Ris yo ogmante kontwol yo sou santral nikleyè Zaporizhzhia a, ki se pi gwo santral nikleyè nan Ikrèn. Yo te sezi santral sa a semèn pase a.

Direktè jeneral ajans la, Rafael Mariano Grossi deklare Dimanch, anplwaye Ikrenyen yo oblije chache apwobasyon La RIsi pou tout operasyon, menm netwayaj ak reglaj ekipman an. Yo di tou ke La Risi anpeche kominikasyon nomal fèt apre yo etenn kèk rezo entènèt ek telefon mobil nan lye sa a.

AJans regilatwa Ikrèn nan di liy telefon yo ansanm ak kourye elektwonik ak fax pa mache anko. Grossi di li gen "gwo kè sote pou devlopman sa yo" e li ajoute pou santral la ka opere an sekirite "fok anplwaye yo kapab fè travay esansyèl yo nan kondisyon stab, san entèferans ni presyon."

XS
SM
MD
LG