Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Rick Santorum Ranpòte 3 Viktwa nan 3 Kous Pati Repibliken an


Kandida repibliken pou plas prezidan an, Rick Santorum
Kandida repibliken pou plas prezidan an, Rick Santorum

Ozetazini, kandida repibliken pou plas prezidan an, Rick Santorum, ranfòse kanpay li a ak chans pou l ranpòte nominasyon pati la aprè li ranpòte 3 vikwa nan 3 kous ki dewoule nan Eta Minnesota (45%), Kolorado (ak 40%) epi nan Missouri (55%).

Viktwa sa yo pèmèt misye Santorum pran nan men advèsè ki te devan nan kous la jiske la, Mitt Romney, pozisyon kandida ki pi parèt konsèvatè nan je elektora ameriken an.

Jiska prezan, se Mitt Romney ki devan nan kantite delege pou eta kote eleksyon primè ak asanble elektoral deja dewoule. Pou Kolorado ak Minnesota, te genyen 70 delege an je, tandiske Eta Missouri te genyen yon eleksyon primè pou la fòm, paske okenn delege pat an je.

Dènye nouvèl yo fè konnen Misye Santorum al mennen kanpay nan Eta Tegzas.

XS
SM
MD
LG