Ozetazini, ansyen gouvènè Eta Massachusets, Mittt Romney, fè yon gwo pa an avan sou wout pou l jwenn nominasyon pati repibliken an kòm kandida ki pral an fas Prezidan Barack Obama nan eleksyon novanm pwochen an. Misye Romney fè gwo pa sa a ak yon viktwa li ranpòte nan eleksyon primè ki dewoule madi nan Eta Florid kote li genyen yon avans 2 chif sou rival ki pi prè l la, an palan de ansyen Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Newt Gingrich.
Aprè rezilta ofisyèl yo te montre se li ki ranpòte viktwa a, misye Romney te pale devan yon foul patizan ki te reyini nan vil Tampa, nan Florid, pou l di :
“Nou kwè toujou nan yon Etazini ki reprezante yon tè opòtinite e yon gwo limyè libète. Nou kwè nan yon Etazini ki ankouraje nou tout pou n vin pi gwo e pi gran pase jan nou ye jounen jodi a. Nan eleksyon sa a, n ap batay pou yon Etazini ke nou renmen. Nou kwè nan Lèzetazini; mèsi anpil, Florid ; pa gen kouwè w."
Viktwa Mitt Romney nan Florid la se yon gwo kou pou prensipal rival li a, Newt Gingrich, ki te ranpòte primè ki te fèt immedyaman anvan pa Florid la –an palan de primè Eta Kawolin di Sid la. Men malgre defèt sa a, Misye Gingrich fè sèman l ap rete nan kous la.
Li deklare:
“Nou pral rete nan kous la tout kote e se nou ki pral ranpòte laviktwa; se nou k ap prezan nan vil Tampa kòm kandida k ap jwenn nominasyon an nan mwa dout la.“
Aprè Mitt Romney ak Newt Gingrtich ki vini nan premye ak 2èm pozisyon respektivman, te genyen 2 lòt kandida sou bilten vot yo nan Florid: se ansyen senatè Eta Pennsilvani Rick Santorum ki vini an 3èm pozisyon, avèk yon aktyèl depite Eta Tegzas, Ron Paul, ki fini nan dènye pozisyon; yo tou lè 2 pran angajman tou pou yo rete nan kous la.
Daprè yon espesyalis nan kesyon sondaj, Peter Brown –k ap travay pou Sant Sondaj Inivèsite Quinnipiac- viktwa Mittt Romney ranpote nan Florid la vin kore espwa misye pou se li ki jwenn nominasyon pati repibliken an.
Misye Brown fè konnen:
“Se yon gwo bagay, paske tout delege eta Florid yo al jwenn Romney; se yon bagay ki enpòtan. Men sa k pi enpòtan toujou a, sè ke sa fè l difisil pou moun wè kijan lòt kandida yo kapab remonte pant la."
Malgre Newt Gingrich fè sèman pou l kontinye kous la, nan semèn k ap vini yo misye pral genyen pou l reponn kèk kesyon difisil sou maraton-lajan li te òganize; dayè, kesyon ap poze pou mande eske li kapab reyalize yon remonte politik-mirak nan yon kanpay repibliken ki deja chaje ak rebondisman.