Accessibility links

Breaking News

Etazini: Elektè yo al Depoze Vòt yo pou Sipè Madi


Etazini: Elektè yo al Depoze Vòt yo pou Sipè Madi
Etazini: Elektè yo al Depoze Vòt yo pou Sipè Madi

Elektè nan 10 eta ap pare pou y al jete bilten pou vòt ki rele “Sipè Madi” ki reprezante pi gwo jounen nan kad pwosesis pou nome Kandida Repibliken pou pwochèn eleksyon prezidansyèl yo.

Plis pase yon tyè nan 1144 delege ki nesesè pou ranpòte nominasyon pou Pati Repibliken an ap disponib pou kandida yo --- sa ki reprezante plis pase primè ak kokis konbine ki deja dewoule. Ansyen gouvènè eta Massachusetts Mitt Romney ki devan nan sondaj yo e ki te ranpòte 5 dènye eta yo , espere ranpò “Sipè Madi “ a pou l kapab parèt kòm kandida inevitab pou ki jwenn nominasyon pati repibliken an.

Mesye Ronmney di: "Mwen bezwen vòt nou…soti al vote anpil fwa tout tan yo kite nou fè sa. Non, non , pa konsa. Se pou nou pran zanmi nou …pran moun pou al vote avè w."

Mesye Romney rete bloke nan yon batay sere ak Rick Santorum ki se prensipal rival. Mesye Santorum ap eseye rejwenn faktè ki te ede l ranpòte 3 eta youn dèyè lòt nan kòmansman mwa fevriye a . 2 rival yo te men-nen kanpay nan eta Ohio kote kous la trè sere. Mesye Santorum lanse apè l bay fanatik li yo nan eta Midwès sa a.

Mesye Santorum di: " Moun Ohio nou tout konnen se pi gwo pri a jodi a nan «Sipè Madi» a Ohio, se toujou mèt kesyon an kèlke swa jan eleksyon ye. Nou men nou toujou reprezante sant tout bagay."

Yon nouvo sondaj opinyon montre 2 kandida yo pat-pou-pat. Sondaj ke Inivèsite Quinnipac reyalize endike , Romney pran vitès mwa pase a, e ke kounye a li gen 34 pousan nan elektè ki ka al vote, kote li gen 3 pwen devan Santorum. Nan mwa Fevriye a, Santorum tap mennen nan sondaj yo nan Ohio.

2 lòt kandida Repibliken nan kous la se se ansyen prezidan Chanm dè Reprezantan an Newt Gingrich ak palmantè eta Texas Ron Paul. Kandida Repibliken ki ranpòte eleksyon primè yo pwal gen pou li fè fas ak Prezidan Barak Obama, yon Demokrat, nan eleksyon mwa novanm ane sa a.

XS
SM
MD
LG