Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Prezidan Obama Gen yon Avans nan Sondaj yo


Prezidan ameriken an, Barack Obama (foto achiv)
Prezidan ameriken an, Barack Obama (foto achiv)

Yon nouvo sondaj endike Prezidan Barack Obama gen yon avans nan sondaj yo pou la premyè fwa sou Mitt Romney ki nan tèt pou nominasyon Pati Repibliken an.

Sondaj konjwen ABC/Washington Post la endike Prezidan Obama t ap ranpòte la viktwa sou mesye Romney ak 52% kont 43% vwa yo.

Sondaj la ki fèt sou yon echantiyon mil elektè montre 50% moun ki reponn kesyon yo apwouve travay prezidan an e kwè li merite yon dezièm manda.

Nan yon entèvyou televize, Prezidan Obama di li merite yon lòt manda, akoz dapre li nouvo chif yo endike ekonomi an kreye nouvo travay.

Mesye Obama deklare nan chèn televizyon NBC ekonomi an pi an fòm ke lè l te monte sou pouvwa a sa gen 3 zan men travay la poko fini.

Men kandida k ap chache nominasyon pati Repibliken an di amelyorasyon sa a pa fèt rapid e politik Pprezidan Obama a inefikas.

4 kandida pati Repibliken yo ap men-nen kanpay nan Minnesota ak Kolorado kote Asanble Elektoral yo ap dewoule Madi 7 Fevriye a.

XS
SM
MD
LG