Accessibility links

Breaking News

Etazini: 4 Kandida Repibliken yo ap Rete nan Kous Prezidansyèl la


Mitt Romney
Mitt Romney

Ansyen gouvènè eta Massachusetts, Mitt Romney, ranpòte yon viktwa tou mens sou ansyen seantè eta Pensilvani, Rick Santorum, nan Ohio, ki reprezante yon eta stratejik nan eleksyon primè “Sipè Madi a”.

Mesye Romney ranpòte tou la viktwa lakay li an palan de eta Massachusetts, plis Vijini, Vermont, ak eta Idaho. Konsa Romney ogmante avans li nan kantite delege anplis li genyen sou prensipla rival li Santorum epi lòt kandida tankou ansyen prezidan Chanm dè reprezantan, Newt Gingrich, ak palmantè eta Texas, Ron Paul. Mesye Romney te pale ak patizan li yo nan katye jeneral kanpay li a nan Massachusetts:

"Pou tout milyon ameriken k ap voye zye yo tou-patou e ki ka sèlman wè djòb ke yo pa ka genyen, ak bòdwo fakti yo pa ka peye, mwen gen yon mesaj. Se pa noumem ki echwe ! Nou gen yon prezidan ki lakoz echèk sa a, e bagay yo pral chanje."

Rick Santorum (AP Photo/Gene J. Puskar)
Rick Santorum (AP Photo/Gene J. Puskar)

Malgre defèt li sibi nan eta Ohio, ansyen senatè Santorum toujou gen espwa pou l ranpòte envestiti pati repibliken an. Nan “Sipè Madi a “ li ranpòte kèk eta tankou Tennesse, Oklahoma ak Dakota di Nò. Gwo Demonstrasyon ak egzibisyon lafòs Santorum bay nan eta sa yo reprezante yon siyal ki montre kous pral kontinye pou omwen plizyè semèn ankò nan kan pati repibliken an.

Ansyen senatè Pensilvani a kontinye ap jwenn sipò nan men elektè konsèvatè yo spesyalman sila yo ki gen kè sote konsènan kesyon sosyal ak lòt elektè ki kwè nan rediksyon pouvwa gouvènman federal la.

Santorum te pale ak fanatik li yo nan Ohio.

Mesye Santorum di: "Nou pa jwe wol yon gran peyi paske nou genyen yon gouvènman ki gwo e puisan. Nou se yon gran peyi paske nou kwè ke dwa sitwayen yo pa chita sou yon gouvènman , tankou sa di dokuman fondasyon Etazini an dinou , an pan de Deklarasyon endepandans la, dwa nou yo soti nan men kreyatè nou an."

Newt Gingrich (AP Photo/Matt Rourke)
Newt Gingrich (AP Photo/Matt Rourke)

Newt Gringrich fè yon retou timid nan okazyon "Sipè madi” a avèk yon viktwa nan eta Georgi. Men Gringrich pat kapab kontinye avanse nan lòt eta nan sid yo tankou Tennessee ak Oklahoma ke Santorum ranpòte. Ansye prezidan Chanm dè reprezantan an di patizan l yo nan Georgi , l ap kontinye nan kous la e li pral fikse atnsyon l sou primè semèn k ap vini la yo nan Alabama ak Mississipi.

Ron Paul ki fini dèyè nan “Sipè madi a” te pran la pawòl nan Dakota di Nò. Li di pa gen okennn lame ki ka anpeche l goumen pou prensip tankou libète. Kidonk, li fè konnen l ap kontinye.

Ron Paul
Ron Paul

Ki donk yè , Elektè nan 10 eta ameriken te al l lage bilten pou konpetisyon ‘’Sipè Madi’’ a nan pi gwo jou vòt ki dewoule deja nan kous pou konnen kilès kandida Pati Repibliken an pral chwazi pou reprezante l nan eleksyon prezidansyèl la mwa novanm pwochen anfas aktyèl prezidan ameriken an, demokrat Barack Obama.

Konsa plis pase yon tyè, kidonk 419 sou 1144 delege ki nesesè pou rapòte nominasyon Repibliken an te disponib yè pou kandida repibliken yo sa ki fè plis pase total tout delege ki te la a pou tout eleksyon primè ak asanble elektoral ki fèt déjà isit Ozetazini.

XS
SM
MD
LG