Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Jou Anvan Eleksyon Primè Sipè Madi a


Etazini: Yon Jou Anvan Eleksyon Primè Sipè Madi a
Etazini: Yon Jou Anvan Eleksyon Primè Sipè Madi a

Kandida repibliken pou pòs prezidan an ap siyonnen yon seri enta enpòtan pou eseye chèche apui ---yon jou anvan eleksyon primè Sipè Madi a, ki pral dewoule nan 10 Eta atravè peyi Etazini.

Elektè 10 Eta sa yo pral patisipe nan konpetisyon pou chwazi kandida Pati Repibliken an pral voye tope kòn li ak prezidan sòtan an, Barack Obama -yon demokrat- nan eleksyon mwa Novanm nan.

Nan Eleksyon primè madi a genyen 419 delege pou venkè yo ranmase ---swa preske kantite delege ki deja al jwenn ganyan nan premye eleksyon primè ak kokis yo.

Yon kandida bezwen 1144 delege pou l ranpòte nominasyon an. 2 prensipal kandida ki nan kous la se Mitt Romney ak Rick santorum, k ap santre atansyon yo sou Eta Ohio.

Sondaj opinyon yo montre misye Romney, ansyen gouvènè Eta Massachusetts ak ansyen senatè Eta Pennsylvani, misye Santorum pat pou pat nan entansyon vòt elektè yo.

XS
SM
MD
LG