Accessibility links

Breaking News

Etazini: Ekonomi an fè Pwogrè


Prezidan Federal Reserve Bank la (kidonk Bank Santral Lèzetazini an), Ben Bernanke (AP Photo/Carolyn Kaster)
Prezidan Federal Reserve Bank la (kidonk Bank Santral Lèzetazini an), Ben Bernanke (AP Photo/Carolyn Kaster)

Ozetazini, nouvèl yo fè konnen ekonomi amerikèn nan te fè plis pwogrè pandan dènye mwa ane 2011 la pase sa espesyalis yo te prevwa, paske revni yo te ogmante epi patwon yo te kòmanse anplwaye plis moun.

Prezidan Federal Reserve Bank la (kidonk Bank Santral Lèzetazini an), Ben Bernanke, fè depozisyon devan yon komisyon Kongrè a, kote li di previzyon gouvènman an fè sou avni imedya ekonomi amerikèn nan --ki se pi gwo ekonomi nan lemond— montre li pral anrejistre yon pwogrè 2,2 pou san ane sa a, swa menm pousantaj li te anrejistre pandan 6 dènye mwa ane 2011 la.

Misye Bernanke deklare: "Relans ekonomi amerikèn nan ap kontinye. Men, ritm kwasans la ale an dan de si, yon fason mi wo, mi ba ; istorikman se yon kwasans modès."

Yon afè de 13 milyon ameriken ki ka travay, pap travay jounen jodiya. To chomaj la atravè peyi a --ki te yon chif 8,3 pousan nan mwa janvye a-- te anrejistre yon bès pandan 5 mwa youn apre lòt; men, li toujou twò wo lè w konpare l ak jan sa konn ye jeneralman nan istwa ekonomi amerikèn nan.

Prezidan Bank Santral Lèzetazini an, Ben Bernanke, di sitiyasyon ekonomik la dwe amelyore seryezman nan peyi a anvan pou to omaj la bese plis toujou.

XS
SM
MD
LG