Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Elektè Eta Florid ap Vote Madi nan Eleksyon Primè Pati Repibliken an


Etazini-Eleksyon: Elektè Eta Florid ap Vote Madi nan Eleksyon Primè Pati Repibliken an
Etazini-Eleksyon: Elektè Eta Florid ap Vote Madi nan Eleksyon Primè Pati Repibliken an

Ozetazini, elektè repibliken Eta Florid yo ap jete belten madi 31 janvye 2012 la nan eleksyon primè eta sa a nan yon vòt obsèvatè yo konsidere kòm yon kous trè zenpòtan pou nominasyon Pati Repibliken an pou pòs prezidan an.

Yon etid Entiti Sondaj Univèsite Quinnipiac la fèk pibliye, montre envestisè e ansyen gouvènè milti-milyonè Mittt Romney genyen yon avans 14 pou san sou rival ki pi pre l la, an palan de ansyen Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Newt Gingrich.

Plis pase 600 mil elektè floridyen deja vote nan sa k rele « vòt avan lè » nan kad eleksyon madi a –la ankò, sondaj yo montre pi fò nan votan sa yo apiye Misye Romney.

An palan de Mitt Romney, n ap di menm jan ak lòt candida yo, youn nan tèm kanpay li a se sitiyasyon ekonomi amerikèn nan ki nan yon movè eta. Misye pa mete dlo nan bouch li pou l lage responsablite a sou do Prezidan Barack Obama nan yon meetingdemas ki dewoule lendi nan Florid. Misye Romney di:

“Prezidan Obama tèlman detache ak reyalite a, li pa menm konnen kijan sitiyasyon an difisil isit la, nan Florid."

Daprè majorite elektè yo nan Florid, youn nan gwo pwoblèm Eta sa a ap konfwonte, se pwoblèm ekonomik ak travay. Nan menm meeting lendi a, anpil nan votan yo te pale tou pou atire atansyon sou sitiyasyon malouk ki egziste sou mache imobilye a, sètadi mache ki fè tranzaksyon pou vann ak achte kay.

Elektè Bob Bowman deklare:

"Mwen posede 3 kay nan Florid. Tout pèdi sou valè yo. Erèzman pa gen okenn ipotèk m ap peye sou yo. Men si m te genyen pou m vann yo jounen jodiya, se anmwe m ta rele… Se kriye m ta kriye."

Kidonk, san di pètèt sitiyasyon ekonomik la ap domine lespri elektè Florid yo pandan y ap pran wout biwodvòt yo. Youn nan yo, Van Tran -ki deja jete bilten li nan kad “vòt anvan lè a”- te oblije fèmen yon bizniz terapi fizik li te posede.

Li bay opinyon n rapidman sou eta ekonomi amerikèn nan:

"Mwen ta renmen wè ekonomi an chanje direksyon pou n retounen kote n te ye anvan an. Mwen ta renmen wè sa; e se tout moun k ap redi, k ap batay pou sa."

Pou elektris Kathy McArthur, vrè pwoblèm nan se kreyasyon travay; manmzèl lonje dwèt li sou le fèt ke anpil djòb kite Lèzetazini kote mèt travay yo al enstale biznis yo nan peyi etranje. Madam McArthur fè konnen :

"Si nou ta renmen genyen yon Etazini ki pi fò, nou pa kapab voye dyòb a letranje. Se isit pou n kenbe travay yo."

Lè kandida yo va pati kite Florid pou y ale nan lòt eta ki pral òganize primè pa yo, "Eta Bèl Reyon Solèy la" pral toujou genyen pou l fè fas ak yon anvi ensèten, kote pwomès yon lavi dore a kapab debouche pito sou yon reyalite ekonomik k ap vin pi difisil chak jou.

XS
SM
MD
LG