Accessibility links

Breaking News

Etazini, LOTAN ap Travay sou yon Plan pou Sizoka La Risi ta Atake Alye yo


Konseye Lamezonblanch sou Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan pale pandan yon rakont ak lapres nan Lamezonblanch, 11 Fevriye 2022.
Konseye Lamezonblanch sou Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan pale pandan yon rakont ak lapres nan Lamezonblanch, 11 Fevriye 2022.

Konseye Lamezonblanch sou zafè sekirite nasyonal, Jake Sullivan deklare Vandredi ke Etazini ak alye LOTAN yo ap travay sou yon plan kontenjans pou yon posib atak sou teritwa LOTAN.

Nan yon pale li fè ak jounalis yo abò Air Force One (avyon prezidansyèl la) pandan Prezidan Joe Biden tapral Polòy, Jake Sullivan fè konnen Etazini pran angajman e li detèmine pou reponn yon fason desizif ak nempòt atak kont alye yo.

"Nou gen yon plan kontenjans sou sizoka La Risi chwazi pou'l atake teritwa LOTAN nan nempòt ki konteks. E prezidan an di klèman ke li absoliman detèmine pou'l reponn yon fason desizif ansanm ak alyans nou an, si La Risi atake LOTAN," Sullivan di jounalis yo.

Lidè Oksidantal yo te pase jounen Jedi a ap diskite sou fason yo ka kontre envazyon La Risi ap fè nan Ikrèn depi yon mwa.

Pandan yon konferans de près Jedi swa, Biden te lanse avètisman pou di nempòt ki atak chimik Ris mande yon repons kif kif.

Eske sa vledi Etazini ta sèvi ak zam chimik kont La Risi jounalis yo mande.

" Non. Ou tande'l di nou pral repon kif kif savledi nou pral chwazi kijan ak ki kalite repons nap bay selon zak La Risi poze a epi nap kowodone ak alye nou yo. Nou kominike ak La Risi, prezidan an di'l piblikman sa gen kèk semèn ke li pral peye sa chè si li sèvi ak zam chimik," Sullivan esplike. "Mwen papral pi lwen pase sa, eksepte pou ti Etazini pa gen okenn entansyon sèvi ak zam chimik. Pwen bar. Nan okenn sikonstans."

Sullivan di Etazini ap konsilte ak Ikren sou yon repons ofisyèl sou paket sivil ki mouri nan yon atak sou teyat Mariupol la.

XS
SM
MD
LG