Accessibility links

Breaking News

Etazini Kouri Vit Travay sou Demann Migran Ikrenyen yo nan Moman yon Pakèt Rive sou Frontyè Meksik


Refije Ikrenyen tann nan yon jimnaz nan vil Tijuana, Meksik, Madi 5 Avril, 2022.
Refije Ikrenyen tann nan yon jimnaz nan vil Tijuana, Meksik, Madi 5 Avril, 2022.

Etazini ogmante anpil kantite Ikrenyen li kite antre nan peyi a an pasan pa frontyè li pataje ak Meksik nan moman yon pakèt refije ap kouri kite peyi yo akoz envazyon La Risi nan Ikrèn.

Yon sant rekreyasyon gouvènman an nan vil Tijuana o Meksik, yon vil ki sitye tou pre frontyè Etazini, te gen ladann apepre 1,000 refije kap tann pou yo antre Ozetazini Jedi.

Sepandan responsab Tijuana yo ak volontè yo di Etazini komanse travay pi vit sou papye moun sa yo.

Administrasyon Biden nan di li pral aksepte yon afè 100,000 Ikrenyen lakay li, men Meksik se sèl wout pi fò migran sa yo pran.

Randevou nan Konsila Ameriken yo ann Ewòp pa anpil, e sa pran tan pou refije yo retabli kò yo nan yon nouvo peyi.

XS
SM
MD
LG