Accessibility links

Breaking News

Yon Timoun 14 zan Dekri Kijan Li Viv Bonbadman La Risi nan Mariupol


Yon Tinedje Ikrenyen Rankonte Kijan Li Viv Bonbadman Ris yo nan Mariupol
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:24 0:00

Yon Tinedje Ikrenyen Rankonte Kijan Li Viv Bonbadman Ris yo nan Mariupol

Yon Timoun 14 zan fe yon videyo jounal sou sa limenm ak fanmi'l viv nan Mariupol, Ikren. Alona Zahreba di li te vle anrejistre kijan yap viv nan vil potye Ikrenyen an ki anba atak fos zame Ris yo.


ALONA: "Nou ka filme tout bagay terib sa yo. San. Tout sa se san papa'm. Sa se kabann nou.

Yon kote anba a gen yon dife. Paran mwen al chofe dlo. Men yo! Ou ka we sa a se yon bonm ki tonbe oubyen yon motye mwen pa konn diferans la. Li antre kote elevate a pase.

Li fe 11 degre santigrad nan pyes sa a. Nou gen zafe nou pare. Yon malet, sak a do pa'm - pa papa'm. Sizoka.

Alona te jwenn mwayen pibliye videyo li yo apre fanmi an kouri kite Mariupol.

Mwen deside montre fanmi mwen kijan nou pran nej pou fe dlo, kijan nou kreye dife pou kwit manje. Epi, apre yon atak ayeryen - rezilta yo. Paske le ou di yon moun li ka imajine'l men fok li we videyo a pou'l ka byen konprann. "

Yon obi ateri tou pre kay Alona.

ALONA: "Mwenmenm ak manman'm nou te anbe yon kouveti. se Lik pwoteje nou.

Le yon elikopte oubyen avyon sivole kay nou. Papa'm tal chofe fou a, chodye a, epi manman ave'm nou vlope ko nou ak yon gwo kouveti len. Manmi di si gen vit ki kraze sa pral pwoteje nou. Epi te gen yon eksplozyon. Nou te kouvri ak glas. Papi antre epi di nou kouri desann nan sousol la. Figi li te kouvri ak san. Men erezman li te soti nan kabann ni paske yon gwo fe te tonbe sou li. "

Jounalis Current Time la mande kile bonbadman sa yo fet?

ALONA: Tout tan. Depi 4 he di maten jiska minwi. Atak avyon yo sete 24 he sou 24.

Nan videyo sa a nou ka tande eksplozyon. "

Jounalis la mande Alona si li konnen ki kote kanmad lekol li ye? Sak pase yo?

ALONA: "Mwaye zanmi mwen chape. Mwen pa pran nouvel lot yo, men si yo te chape yo tap kontake'm. Donk yo toujou nan Mariupol. "

Rakonte nou kijan ou te vinn chape - jounalis la mande.

ALONA: "16 Mas te gen yon bagay ki tap pase nan lakou a. Moun te pare pou yo kite. Yo tap di gen machin ke yap tire sou yo sou wout la. Nou pa konn kisa pou'n fe. Nou lapriye epi deside kite. Premye bagay te gen pos kontwol Ris. epi separatis pwo Ris le nou te pwoche Zaporitzya. "

Banou detay sou pos kontwol Ris yo - jounalis la mande.

ALONA: "Yo te cheke malet nou - ak polites. Yo mande mesye yo dezabiye. Yo tap tcheke pou tatwaj nasyonalis. Nan yon pos yo tcheke men medam yo pou we si yo te gen blesi zam. Epi te gen kek jen Ris ak je chire ki mande nou bayo manje. Yo bayo manje. Epi yon lot kote yo te tcheke foto sou telefon pa'm ak papa'm. Men yo ti kras - yo tchek rapid. "

Ou konprann sa yo tap chache? jounalis la mande.

ALONA: Mwen sipoze videyo, foto sak pase apre bonmadman an.

Ou konnen sak pase lekol ou? jounalis la mande.

ALONA: Li boule.

Fos Ris yo ap eseye sezi Mariupol depi plis pase yon mwa. 7 Avril majistra a di 100,000 moun te bloke nan vil la.

Se pwogram "Current Time" rezo afilye VOA RFE/RL (Radyo Ewop Lib, Radyo Libete) ki pwodwi vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG