Accessibility links

Breaking News

Blinken di Etazini ak alye li yo nan l-OTAN Rete ak Tout Detèminasyon pou yo Founi Plis Zam Bay Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/NATO
UKRAINE-CRISIS/NATO

Sekretè Deta ameriken Antony Blinken avèti ayè jedi a ke gen nouvèl ke li ka fè konfyans sou zak atwosite ke Ris yo ta swadizan komèt sou sivil nan Ikrèn, yon peyi ke lagè fin ravaje, e li sèmante ke, yon jou, yon jan, Moskou pwal gen pou li rann kont.

Blinken di Etazini ak alye li yo nan l-OTAN rete ak tout detèminasyon pou yo founi plis zam bay Ikrèn pou li defan tèt li devan LaRisi.

Gen yon bilan k ap moute sou kantite moun ki pèdi lavi nan gè a ki rive kounye a sou 6 semèn, pami mò yo gen sivil ak konbatan nan tou le 2 kan yo.

"Nou pèdi yon bon valè sòlda, e se yon kokenn trajedi pou nou," se deklarasyon pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov nan yon entèvyou sou chèn televizyon Sky News ki baze nan Grand Bretay.

Anvan reyinyon l-OTAN-an, Minis Afè Etranjè Ikrèn Dmytro Kuleba te rejte pozisyon kèk peyi ki yon jan renka

pou reponn deman Ikrèn pou ba li zam, pandan peyi sa yo krenn pou aksyon konsa pa rale yo antre nan konfli a ak LaRisi, e minis la fè konnen si peyi yo bay Ikrèn sa l bezwen, Ikrenyen ap batay, yon jan pou pèsonn lòt pa oblije fè sa.

XS
SM
MD
LG