Accessibility links

Breaking News

4 Sòlda Ameriken Blese nan Peyi Siri


US soldiers in Syria
US soldiers in Syria

Kòmandman santral lame Ameriken an (Centcom) anonse ke 4 sòlda Ameriken blese Jedi nan yon atak ak wòkèt kont yon baz militè anti-jihadis ke yo genyen nan rejyon Deir Ezzor, ki sitiye nan nòdès peyi Siri.

"2 wokèt te frape 2 bilding ki nan Green Village" dapre sa Centcom te di nan yon deklarasyon, e li ajoute ke atak la te fèt alantou 1 è nan maten an.

"4 sòlda Ameriken yo kounye a ap egzamine pou blesi minè ak chòk nan tèt yo" te di kòmand Ameriken an, san yo pa di kies ki te lanse wòkèt yo.

Baz Kurdish Green Village la, ki gen fòs kowalisyon militè ameriken ki toujou deplwaye nan peyi Siri pou goumen kont gwoup Eta Islamik la (IS), te deja sibi atak nan mwa janvye a ke yo te atribiye a gwoup pwo-Iranyen yo.

XS
SM
MD
LG