Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewopeyen yo Vizite Ikrèn pou Montre Sipò yo

Nan foto sa a ke Biwo de Pres Prezidansyel Ikrenyen bay jounalis yo, Premye Minis Britanik la Boris Johnson (a goch) ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy poze pou yon foto nan vil Kyev, kapital Ikren, Samdi 9 Avril 2022.

Premye Minis Britanik la Boris Johnson ak Chanselye Otrichyen an Karl Nehammer se dènye nan yon seri lidè Ewopeyen ki montre sipò yo pou Ikrèn.

Lidè sa yo vwayaje nan Kyèv Samdi pou rankontre Prezidan Volodymyr Zelenskyy fas-a-fas.

Vizit sipriz Johnson nan vini yon jou apre li te pwomèt pou'l voye yon lòt 100 milyon liv sterling ($130 milyon dola Ameriken) ekipman pèfeksyone militè Britanik bay Ikrèn. Johnson di Angletè vle ede Ikrèn defann tèt li kont agresyon La Risi a.

Biwo Johnson nan di li te vle rankontre Zelenskyy an pèsonn "pou montre solidarite Angletè ak pèp Ikrenyen an."

Prezidan Komisyon Ewopeyen an Ursula von der Leyen te vwayaje Vasovi Samdi pou dirije yon aktivite kote yo kotize $11 milya pou refije Ikrenyen yo.

XS
SM
MD
LG