Accessibility links

Breaking News

Dapre Kalkil CDC, 3 sou chak Group 4 Timoun Ameriken te Trape Kowonaviris


Leo Hahn, 11 zan pran premye piku Pfizer kon COVID-19 la, Madi 9 Nov. 2021.
Leo Hahn, 11 zan pran premye piku Pfizer kon COVID-19 la, Madi 9 Nov. 2021.

New York - Sou chak group 4 timoun ameriken, gen 3 kowonaviris te enfekte tandiske plis pase mwatye nan popilasyon amerikèn nan te prezante siyn ki montre yo te enfekte, dapre chif Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) pibliye nan yon rapò madi 26 avril 2022 a.

Espesyalis yo te analize san yo te pran sou plis pase 200 mil ameriken e yo te chache jwenn anti-kò ki ka konbat viris moun sa yo devlope apre enfeksyon an, e non pa apre yo te pran vaksen. Yo jwenn ke siyn ki montre enfeksyon moun te pran nan lepase ogmante anpil ant desanm 2021 ak fevriye 2022, lè varyan omikwonn nan, ki pi kontajye, t ap sikile atravè Lèzetazini.

Pami Ameriken tout laj, anviwon 34% prezante siyn ki montre yo te enfekte an desanm. 2 mwa sèlman apre sa, kantite a te monte rive 58%. Doktè Kristie Clarke, ko-direktris ekip CDC ki rive dekouvri degre enfeksyon kowonaviris la gaye nan popilasyon an, deklare:

“Mwen te atann mwen aske chif la ogmante; men m pa t atann mwen aske li monte rive nan nivo sa a.”

XS
SM
MD
LG