Accessibility links

Breaking News

Biden sou Putin: 'Nèg Sa a Paka Rete Sou Pouvwa a'


Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol nan Chato Wayal Poloy la kote li pale de envazyon La Risi fe nan Ikren, depi Vasovi, Poloy, Samdi 26 Mas, 2022.
Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol nan Chato Wayal Poloy la kote li pale de envazyon La Risi fe nan Ikren, depi Vasovi, Poloy, Samdi 26 Mas, 2022.

Prezidan Joe Biden lanse apèl Samdi pou wetire lidè Ris la sou pouvwa a. "Nan non Bondye, mouche sa a paka rete sou pouvwa a," Biden deklare.

Biden pwofite diskou li nan kapital Polonèz la pou'l defann ak tout fos li demokrasi liberal ak alyans militè LOTAN an, pandanke li di Ewop pral oblije pare ko li pou yon batay kap dire lontan kont agresyon La Risi.

Nan sa Lamezonblanch dekri tankouyon "diskou enpotan" Biden te pran la pawol devan Chato Wayal la, ki se yon lye remakab nan Vasovi ki te sibi gwo domaj pandan Dezyèm Gè Mondyal la.

Biden di Vladimir Putin Paka Rete sou Pouvwa a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:03 0:00


Prezidan an prete pawòl Pap Katolik Jean Paul II ki te pran nesans nan La Polòy, e li site pawòl militan anti-kominis ak ansyen prezidan Lech Walesa, pandan li lanse avètisman pou di envazyon Putin nan Ikrèn nan menase pote avèl "plizyè deseni lagè."

"Nan batay sa a fòk nou gen je louvri. Nou pap genyen batay sa a nan jou ni mwa non plis," Biden deklare.

Yon foul 1,000 moun te sou plas pou koute diskou a, pami yo refije Ikrenyen ki kouri kite lakay yo pou vin lage ko yo nan Polòy ak nan lot peyi nan zòn nan apre yon envazyon brital.

"Fòk nou pran angajman kounyela a pou'n mennen lagè sa a a lon tèm," Biden deklare.

XS
SM
MD
LG