Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Vizite Kanada Mwa Sa a pou Diskite Defans, Komès


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan vil Meksiko Siti, peyi Meksik, 10 Janvye 2023.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan vil Meksiko Siti, peyi Meksik, 10 Janvye 2023.

Lamezonblanch fè konnen Prezidan Joe Biden pral vizite Kanada pou premye fwa depi li monte sou pouvwa a.

Vizit la, kap dire yon sèl nuit, pral dewoule ant 23 ak 24 Mas.

Peyi yo te diskit4 sou sa, lè Biden te rankontre Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan mwad Janvye a nan Meksiko Siti, kote yo te asiste ansanm rankont o somè lidè Amerik du No yo.

Kanada se youn nan pi gwo patnè komèsyal Etazini genyen e li se yon alye kle sou koze ki gen pou wè ak defans tou.

Lamezonblanch anonse nouvèl la Jedi e li fè konnen Biden pral pwononse yon diskou devan palman Kanadyen an epi rankontre Trudeau.

XS
SM
MD
LG