Accessibility links

Breaking News

Kanada Enpoze Sanksyon Kont 2 Lòt Ayisyen


Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pran la pawol pandan yon konferans pou lapres apre patisipasyon li nan rankont CARICOM nan, nan Nassau, Bahamas, 16 Fevriye 2023.
Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pran la pawol pandan yon konferans pou lapres apre patisipasyon li nan rankont CARICOM nan, nan Nassau, Bahamas, 16 Fevriye 2023.

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau anonse Jedi peyi li ap pran sanksyon kont 2 lot Ayisyen poutèt sipo yap bay gang kriminèl yo.


Trudeau, ki anonse nouvèl la pandan yon konferans pou laprès nan Nassau, Bahamas kote lap asiste rankont CARICOM nan, fè konnen 2 moun sanksyon yo sible ap mennen aktivite ki ogmante ensekirite a.

PM Kanadyen Trudeau sou Bato Fòs Naval Wayal Lap Voye Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:38 0:00

Trudeau di Kanada ap envesti nan pwoteksyon fanm Ayisyen ak timoun sou fwontyè Repiblik Dominikèn, epi bay Ayiti plis asistans imanitè.

Pi bonè nan jounen an Trudeau te anonse Kanada ap voye bato fos naval li an Ayiti pou fe siveyans epi ranmase enfomasyon sou gang yo. Trudeau di tou, Kanada pral bay Ayiti plis machin blende ak taktik.


Etazini anonse viza restriksyon Jedi tou ki vize Ayisyen. Sekretè Deta Antony Blinken di restriksyon sa yo vize 5 Ayisyen ak 7 manm fanmi yo. Sa fè yon total 44 Ayisyen kounyea ki anba restriksyon viza Ameriken. Blinken di moun ki sible yo ap mennen aktivite ki lye ak zak vyolans epi ki minnen demokrasi ak eta de dwa a an Ayiti.

Li pa presize kiyès restriksyon sa yo vize.

Sektetè Deta a ajoute Etazini pran mezi sa yo ansanm ak Kanada pou ranfose sipo Etazini pou Ayiti.


Ayiti reprezante youn nan kestyon santral lidè CARICOM yo ap diskite nan Bahamas.

Mèkredi, VOA Kreyòl te mande Premye Minis Ayisyen Ariel Henry si li diskite kestyon voye yon fòs entèvansyon an Ayiti pou ede konbat gang yo.

PM Ariel Henry sou Rankont CARICOM nan
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:19 0:00


Henri reponn: " Nou va fè yon deklarasyon pi ta."

Henry te fe chita tande ak Trudeau deye pòt fèmen.

Rankont sa yo ap dewoule nan moman Nasyonzini rapòte yon ogmantasyon 35% nan asasina ak plis pase 1,300 kidnapping.

Yon rapò BINUH (Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti) pibliye resaman di zak vyolans gang yo rive nan yon nivo moun poko janm konstate e ke sa lakoz plizyè dizèn milye moun oblije kouri kite kay yo.

Rankont CARICOM nan ap pran fen jodi Vandredi, 17 Fevriye a.

XS
SM
MD
LG