Accessibility links

Breaking News

CARICOM ap Chache yon Solisyon Ayisyen pou Rezoud Kriz Ayiti


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan yon rankont CARICOM nan nan otel Baha Mar nan vil Nassau, Bahamas, 16 Fevriye, 2023.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan yon rankont CARICOM nan nan otel Baha Mar nan vil Nassau, Bahamas, 16 Fevriye, 2023.

Lidè peyi Karayib yo ap fè chita tande pou dezyèm jou nan Bahamas kote yap konsantre sou sityasyon Ayiti, sante rejyonal, ensekirite alimantè, chanjman klimatik, ekonomi a ak kestyon ki gen rapo ak sekirite.

Nan ouvèti rankont la Mèkredi, Sekretè-Jeneral Carla Barnett te souliyen preferans pou jwen yon solisyon Ayisyen dirije pou defi Ayiti ap konfwonte.

Barnett di: "Malgre nap fè pwogrè nan kèk domèn, CARICOM nan epi kominote entènasyonal la an jeneral kontinye lite pou ede Ayiti rezoud kriz li, ki gen plizyè dimansyon. Nou pral kontinye pouse pou pi devan ak jefo nou pou ede tout pati konsène yo an Ayiti asire se Ayisyen ki nan tèt solisyon nan jwen nan."

Barnett di lidè rejyonal yo "pral oblije montre reziyans ak fotitid pèp Ayisyen an genyen" pandan yap rezoud defi rejyonal yo epi eseye amelyore lavi sitwayen kap viv nan rejyon Karayib la. Li ajoute ke objektif yap pousuiv la se yon kominote kote ki gen "sekirite, pwosperite epi ki vyab pou tout moun."

Met sou lidè 15 peyi manm CARICOM yo, reprezantan lot peyi ap asiste rankont la tou - pami yo, Canada ak Etazini.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pandan rankont CARICOM nan nan otel Baha Mar, Nassau, Bahamas, 16 Fevriye, 2023.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pandan rankont CARICOM nan nan otel Baha Mar, Nassau, Bahamas, 16 Fevriye, 2023.

Biwo Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pibliye yon mesaj sou Twitter Mèkredi kote li di li te gen yon "rankont de travay enpotan" ak Brian Nichols, ki se Sekretè Deta Adjwen pou Zafè Emisfè Oksidantal yo.

Ajans nouvèl Associated Press di responsab Kanadyen yo te patisipe nan chita tande ak otorite Ayisyen yo tou, kote yo te diskite sou sityasyon Ayiti a.

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pibliye yon mesaj sou Twitter kote li di:
"Avanse priyorite nou pataje yo. Kreye opotinite pou moun toupatou nan Kanada ak Karayib la. Adrese sityasyon Ayiti."


Ayiti ap fè fas ak anpil enstabilite depi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021. Zak vyolans yo ogmante ansanm ak enfliyans gang ame yo.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG