Accessibility links

Breaking News

Jeneral Pi Wo Plase Kanada Gen Kè Sote Lame Peyi l Pa Gen Kapasite pou Dirije yon Fòs Entèvansyon pou Ayiti


Foto Achiv: Chef Deta Majo Fos Zame Kanada, Jeneral Wayne Eyre ak Premye Mini sJustin Trudeau nan Ottawa, Ontario, Kanada, 13 Me, 2022.
Foto Achiv: Chef Deta Majo Fos Zame Kanada, Jeneral Wayne Eyre ak Premye Mini sJustin Trudeau nan Ottawa, Ontario, Kanada, 13 Me, 2022.

Jeneral pi wo plase peyi Kanada a, deklare li gen kè sote fòs zame peyi li, ki deja pa gen resous ase akoz sipò yap bay Ikrèn ak LOTAN, pa gen kapasite pou dirije yon misyon sekirite pou Ayiti.

Gouvènman Ayisyen an ak responsab wo plase Nasyonzini lanse apèl pou yon fòs entènasyonal pou apiye polis nasyonal Ayiti nan lit yap mennen kont gang yo. Gang kriminèl yo finn tounen otorite de-fakto nan kèk rejyon peyi a.

Konseye Lamezonblanch sou Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan te deklare nan mwad Janvye a ke li te esansyèl pou idantifye yon peyi ki ka dirije yon fòs entèvansyon e li te di Kanada te eksprime enterè nan wòl sa a. Sepandan Premye Minis Justin Trudeau pa pran okenn angajman konsa.

Pandan ane ki pase a, Kanada depanse plis pase $1 milya dola Kanadyen ($724 milyon) nan asistans militè pou Ikrèn. Kounyea, Kanada ap fè preparasyon pou l prèske double prezans li nan Letoni, ki pataje yon fwontyè ak Larisi epi Byelorisi. Ottawa anonse nouvo asistans pou misyon an Jedi.

Chèf Deta Majò Fòs Zame Kanada, Wayne Eyre di ajans nouvèl Reuters Mèkredi: "Kè sote mwen se kapasite nou nan moman nap rebati fòs nou epi pase nan etap brigad la nan Letoni. Resous nou limite... sa taka poze defi."

Kanada te rezève yon ti ogmantasyon tou piti pou defans pandan 5 ane kaap vini yo men li depanse bokou mwens - swa 1,3% revni anyèl li. Oganizasyon Trete Atlantik Nò a mande pou chak peyi manm kontribye 2% revni anyel li.

Fòs zame Kanadyen yo ap lite ak kestyon rekritman nouvo moun epi kontribisyon pou Ikrèn yo manje yon pati nan resous li yo, dapre Jeneral Eyre.

Responsab yo nan Ottawa di Etazini mete anpil jefò nan koze ankouraje Kanada pran devan ak fòs pou Ayiti a e ke Prezidan Joe Biden taka repete menm mesaj sa a, lè li vizite peyi a pi ta mwa sa a.

XS
SM
MD
LG