Accessibility links

Breaking News

Kanada: Entèdiksyon Pou Itilize TikTok Sou Tout Aparèy Mobil Gouvènman An


Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan konferans CARICOM nan, nan otel Baha Mar, Nassau, Bahamas, 16 Fevriye, 2023.
Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau nan konferans CARICOM nan, nan otel Baha Mar, Nassau, Bahamas, 16 Fevriye, 2023.

TORONTO (AP) — Gouvènman Kanada ap entèdi anplaye li ki itilize TikTok sou aparèy mobil gouvènman an.

Otorite yo pran desisyon sila akoz enkyetid yo genyen sou aplikasyon videyo Chinwa a.

Premye Minis Kanada Justin Trudeau di sa se premye etap nan plis desisyon yo gen pou yo pran toujou.

Aplikasyon mobil videyo a TikTok popilè anpil nan mond lan sitou bò kote jèn yo, men peyi Lwès yo gen anpil kè sote akoz aplikasyon an se pou yon konpayi Chinwa li ye, e konsa yo panse ke Peken ta ka itilize li pou kolekte enfòmasyon sou moun k-ap sèvi ladan nan peyi yo, epi fè pwopagann anfavè Lachin e an menm tan gaye fo enfòmasyon.

XS
SM
MD
LG