Accessibility links

Breaking News

Mezon Blanch Bay Tout Ajans Federal 30 jou Pou Efase TikTok Sou Tout Aparèy Gouvènman an


Illustration shows TikTok logo
Illustration shows TikTok logo

WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden lan bay tout ajans federal yo 30 jou pou efase TikTok sou tout aparèy gouvènman an.

Aplikasyon medya sosyal Chinwa a chak jou bay Washington ak peyi nan Lwès yo gwo enkyetid sou pwoblem sekirite li ka kreye, dapre otorite yo.

Biwo Jesyon ak Bidjè pibliye Lendi yon kominike ki mande pou gouvènman an pou abòde risk ke aplikasyon ki enstale sou aparèy gouvènman an ka genyen tankou koleksyon enfòmasyon.

Anpil ajans gouvènman an tankou Depatman Defans, Sekirite Enteryè ak Depatman Dta deja efase aplikasyon sou aparèy yo; e yo bay rès ajans gouvènman federal yo 30 jou pou fè menm jan an.

XS
SM
MD
LG