Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal: Yon Resesyon Menase Ekonomi Global la


Foto Achiv: yon seri aparey pou deplase kontenè nan po New Jersey, 20 Nov. 2022.
Foto Achiv: yon seri aparey pou deplase kontenè nan po New Jersey, 20 Nov. 2022.

Bank Mondyal la lanse avètisman pou di ekonomi global la ap pwoche "nivo danjre" ki taka debouche sou yon resesyon ane sa a, akoz feblès pi gwo ekonomi nan mond lan - Etazini, Ewop ak Lachin.

Bank Mondyal la prete peyi ki pi pòv yo lajan pou finanse pwojè devlopman. Bank la di Madi li chanje prediksyon li pou ane sa a. Dapre bank la nou ka atann nou ak yon kwasans 1,7% sèlman konpare ak 3% pousan li te predi anvan.

Malgre Etazini ka evite yon resesyon ane sa a, Bank Mondyal la predi feblès global la pral poze yon lòt defi pou biznis Ameriken yo ak konsomatè yo, met sou pri pwodui yo ki monte 17 wotè epi to enterè yo ki ogmante tou.

XS
SM
MD
LG