Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal: Mond la Antre nan yon 'Peryòd Kontraksyon' ki Bay yon Kwasans Fèb ak yon Enflasyon ki Wo


World Bank
World Bank

Bank Mondyal di ayè madi a mond la antre nan yon "peryòd kontraksyon ki bay yon kwasans fèb ak yon enflasyon ki wo," pandan li wete 1,2 pousan sou kwasans 2,9 pousan li te predi pou 2022. Li te predi yon kwasans 4,1 pousan an Janvye ane sa-a.

Bank la ajoute ke plizyè peyi ka tonbe nan resesyon. Li di se pandemi Covid-19 la ki lakoz pifò nan pwoblèm nan e ke envazyon LaRisi nan Ikrèn nan jwe yon wòl ladann tou.

Gen gwo danje pou enflasyon rete wo, ansanm ak nivo chomaj la, pandan demand pou machandiz yo ka fèb," se sa Prezidan Bank Mondyal David Malpass ekri nan entwodiksyon rapò a. Li ajoute, "Kwasans ralanti ka

pèsiste pandan tout dizèn lane sa a akoz envestisman ki piti nan pifò mond la."

Bank la panse kwasans mondyal la pwal rete nan alantou 3 pousan ant 2023 ak 2024, pandan enflasyon an ka rete wo nan plizyè ekonomi.

Kwasans nan Etazini, dapre Bank la, ka sèlman 2,5 pousan ane sa a, yon bès konpare ak 5,7 pousan ane pase.

Ewòp tou ap wè yon kwasans 2,5 pousan, konpare ak 5,4 pousan ane pase, dapre sa bank la predi.

XS
SM
MD
LG