Accessibility links

Breaking News

Etazini: Ekonomi an Pran Gwo Baf Nan Premye ak 2èm Trimès Ane a

A man shops at a supermarket, July 27, 2022, in New York. The US economy shrank from April through June for a second straight quarter, contracting at a 0.9% annual pace and raising fears that the nation may be approaching a recession.

Ekonomi Etazini an redui sanzatann nan premye ak 2èm trimès ane sa a, soti nan mwa Avril pou rive an Jen, pandan depans konsomatè yo ap ralanti depi 2 lane e kote depans biznis yo desann, sa ki ka simen laperèz kote mache finansye yo tankou ekonomi an ta deja nan resesyon.

Depatman Komès rapòte kontraksyon an, jodi jedi a, ke li wè nan bès Pwodui enteryè Brut la - pi gwo mwayen pou evalye ekonomi Etazini an. Sa vini apre yon bès 1,6 pousan pou ane a nan peryòd mwa Janvye pou rive nan Mas.

Prezidan Etazini Joe Biden deklare, "Apre kwasans istorik ane pase a - e apre nou fin ratrape tout djòb nou te pèdi nan kriz pandemi an - sa pa etone nou ke ekonomi an ap ralanti pandan Rezèv Federal la ap aji pou redui enflasyon an."

XS
SM
MD
LG