Accessibility links

Breaking News

Rezèv Federal Etazini an Moute To Enterè yo


FILE - As traders work and watch, a news conference held by Federal Reserve Chair Jerome Powell is displayed at the New York Stock Exchange in New York, July 27, 2022.
FILE - As traders work and watch, a news conference held by Federal Reserve Chair Jerome Powell is displayed at the New York Stock Exchange in New York, July 27, 2022.

Rezèv Federal Etazini an moute to enterè yo, ayè mekredi a, kote li ajoute 75 pousan sou chak mil dola prete, pou yon 2èm fwa youn apre lòt nan aksyon pi agresif li depi plis pase 3 dizèn lane pou takle enflasyon an ki wo.

Aksyon Rezèv Federal la pwal moute prensipal to enterè li, ki afekte lajan ke anpil konsomatè ak biznis ap prete, ki pwal ant 2,25 pousan ak 2,5 pousan, nivo ki pi wo li depi 2018.

Chef Rezèv Federal la Jerome Powell bay siyal depaman sou pwochen desizyon k ap vini. Li ensiste pou di ke bank santral la rete angaje pou l kraze enflasyon an ki dire twòp, pandan ke an menm tan l ap viv ak espwa ke, anvan lontan, l ap ka pran to enterè ki pi ba.

XS
SM
MD
LG