Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Retrospektiv 2021


Jovenel Moise
Jovenel Moise

Yon koudèy, yon "flash-back" sou ane 2021-an ki te yon ane difisil e tris pou peyi Ayiti. Ane a te kòmanse ak yon festivite pou make selebrasyon 217e anivèsè endepandans peyi a premye janvye ….

Nan evènman sila a nou te remake, absans Prezidan Jovenel Moise, yon lòt fwa ankò, nan vil Gonayiv, nan moman peyi a tap travèse yon gwo kriz politik nan fen ane 2020 an, e ki te rekòmanse ankò pou ane 2021 avek yon atansyon sou 7 fevriye 2021, kote Opozisyon an di ke manda Prezidan Jovenel Moise fini. Chèf d'Eta a linenm te di sa fèl 4 tran, nan yon manda 5 kan ke pèp la te ba li.

7 fevriye

Gouvènman an arete 23 moun ke li di ki tap tante fè yon kou d'eta. Pami moun sa yo nou jwenn ansyen jij kou Kasasyon Yvikel Dabrezil.

10 fevriye

Prezidan Moise voye 3 jij a la retrèt poutèt daprè li yo ap "fè politik." Anpil sektè konteste desizyon sila a ki dapre yo te yon vyolasyon konstitisyon-an sou endepandsans 3 pouvwa-yo.

14, 15, 16 fevriye

Kanaval Nasyonal nan Pòdepè : "Ann Kole Zepòl pou Ayiti Vanse" . Nan okazyon-an , Prezidan Moise menase yon sektè pou li kale'l sou do men.

27 Mas

Kou danvwa 2 jou manifestasyon ki kowenside ak anivèvèsè konstitisyon 29 mas 1987 la .

14 avril

Demisyon premye minis Joseph Jouthe pou swa dizan konvenans pèsonel . Dr. Claude Joseph asire enterima pou 30 jou ki ta pral renouvle.

10 me

Yon komisyon ki gen nan tèt-li ansyen prezidan Boniface Alexandre komanse fe deba deba sou konstitisyon an ….

5 jiyè

Prezidan Jovenel Moise Nonmen Ariel Henry nan Pòs Premye Minis la.

Prezidan Jovenel Moise di nan yon arete: “Mwen nonmen sitwayen Ariel Henry nan pòs Premye Minis. L ap genyen pou l fòme yon gouvènman douvèti ak patisipasyon divès fòs viv nasyon an, rezoud pwoblèm grav ensekirite a epi kore travay KEP a pou reyalizasyon eleksyon jeneral yo ak referandòm nan.”

Nan lannuit madi 6 pou louvri mekredi 7 jiyè

Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise mouri asasinen nan rezidans prive-l nan Pèleren 5 e premyè da m nan Martine Moise soti blese. Li al pran swen nan yon lopital Ozetazini, Miami Eta Florid .

Nan menm jou a, Premye minis an fonksyon-an Dr Claude
deklare yon eta de syèj sou peyi-a pandan li lanse yon apèl o kalm.

Plizyè peyi ak òganizasyon entènasyonal pami-yo OEA ak Nasyonzuni kondane asasina Prezidan Jovenel Moise e mande pou yo trenen manm kamando ki komèt krim –nan devan lajistis .


20 Jiyè

Enstalasyon premye minis Dr Ariel Henry ki ranplase premye minis ai Dr Claude Joseph.

22 jiyè 2021

Depatman d'Eta a chwazi diplomat de karyè Daniel Foote kòm Anvwaye Espesyal Lezetazini nan Peyi d Ayiti.


23 jiyè

Fineray prezidan Jovenel Moise nan vil Kap-Ayisyen nan mitan yon pakèt tansyon ak sispens an prezans yon delegasyon ameriken ki genladann
• Ambasade Ameriken Michele Sison
• Congressman Demokrat Greg Meeks ki reprezante Nouyòk
• Congressman Republiken Jeff Fortenberry ki reprezante Nebraska
• Amb Daniel Foote, nouvo Anvwaye Spesyal pou Ayiti
• Juan Gonzalez- Manm konsèy Nasyonal Sekirite Lamezon Blanch

14 Out

Trablemanntè frape Gran Sid-la : Nippes, sid ak Grandans. Nan yon premye bilan yo pale de 1300 mò . Men apre , bilan ta pral monte a plis pase 2 mil ak plis pase 12 mil blese.


24 Out

Nominasyon Judge Garry Orélien sou dosye assasina defen Prezidan Jovenel Moise.

31 Out

31 Aout nan yon entèvyou ak yon medya etranje ansyen premye dam nan, Martine Moise anonse entansyon l pou poze kandidantu l kom prezidan .
Nan kad yon konferans pou laprès,mèkredi 1er Septanm 2021 an anprezans pati ak regwoupman politik siyatè pwotokòl antant nasyonal la,prezidan ti rès sena ayisyen,senatè Joseph Lambert,kwè se yon konpwomi politik ant tout sektè nan vi nasyonal la ki ka rezoud kriz la pandanl raple,tout dyalòg ou negosyasyon dwe teni kont de 10 senatè anfonksyon yo.


11 septanm Siyati akò Museau a ak Premye Minis Aryel Henri pou yon gouvenman efikas e apre. Pami siyatè yo nou jwen manm sektè Demokratik e populè a pami yo Andre Michel ak Ricard Pierre ki pral entegre gouvenman-an.

22 septanm
Daniel Foote Anvwaye Espesyal Lezetazini nan Peyi d Ayiti demisyone pandan li denonse politik Etazini ann Ayiti e krtike tretman ayisyen yo sibi nan Del Rio sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik.

16 oktòb
Gang 400 Mawozo te kidnape 17 misyone - 16 Ameriken ak yon Kanadyen nan moman yo tap vizite yon orfelina nan Ganthier


17 oktòb : Kou teyat : Gwoup 9 la fè ekip gouvènmantal fè volte-fas devan pwoje pou yo te al depoze yon jeb flè Pon Wouj …Yon titan apre Jimmy Cherizye alyas Barbecue an grand ponp ak diksou depoze fle nan Pon Wouj.


21 oktòb
Chèf Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Léon Charles, Bay Demisyon Li, Chèf PNH la pran desizyon sa a pa lontan aprè kèk gwoup nan sektè opozisyon an te lanse yon apèl serye bay Premye Minis Ariel Henry pou mande l ranplase M. Charles nan tèt fòs polis la.

Youn nan dirijan Opozisyon an ki te leve lavwa pou mande revokasyon Léon Charles, se avoka André Michel ki te pale nan non sektè demokratik e popilè a pou di Premye Minis Henry gen jiska premye novanm 2021 pou l aplike akò li te siyen avèk kèk dirijan opozisyon an. Pami kondisyon ki nan akò sa a sanble ta genyen ranplasman chèf PNH la.


Menm sous la fè konnen Léon Charles deja gen yon ranplasan: se Frantz Elbé ki te okipe jiskela pòs enspektè jeneral nan PNH.


Lapolis Jamayik Mete Men sou Yon Sispèk Kolonbyen Mario Antonio Palacios Palacios, te antre nan peyi vwazen an san dokiman vwayaj ni pyès idantite; se sa k te leve sispisyon otorite yo ki kontinye ap mennen ankèt sou afè a.

2 novanm
Mwa Novanm pral komanse ak yon chire pit diploamtik ant Ayiti ak Repiblik Dominikè ki chita sou yon boukantaj mesaj sou Twitter ant Minis afe etraje Claude Joseph ak Prezidan Dominiken Luis Abinader.

16 novanm
Otorite Latiki arete sitwayen Ayisyen Samir Handal, yo jwenn 3 paspò sou li sou yon entèvansyon Minis Afe Etraje Claude Joseph . Samir Handal se youn nan sispèk nan lanmò prezidan Jovenel Moise.

24 novanm
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry Nomen Yon Nouvo Kabinè, plis pase 4 mwa apre li te monte nan tèt peyi a apre asasina Prezidan Jovenel Moise. Li te nomen 8 minis nan yon varyete pozisyon - pami yo afè etranje, ekonomi, jistis, edikasyon ak sante.

14 desanm
Plis pase 50 moun mouri nan eksplozyon yon kamyon gaz nan Kap Ayisyen. Kamyon ki tap transpòte gazolin chavire epi eksploze. Dife a pwopaje nan machin ak kay ki te nan zòn nan e plis pase 50 moun ak plizyè douzèn lòt blese.


16 desanm
Gang 400 Mawozo libere rès 12 misyonè gwoup Christian Aid Ministries li te kenbe yo. Yo te deja lage 5 landan yo .

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG