Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Deba Ap Kontinye sou Pwojè Chanjman Konstitisyon an


Yon manifestan avèk yon kopi konstitisyon 1987la nan men li.
Yon manifestan avèk yon kopi konstitisyon 1987la nan men li.

Anpil lidè opozisyon an, tankou Youri Latortue ak Mèt André Michel, rejte apèl Prezidan Jovenel Moise la, kontrèman ak lidè Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil la, Joseph Domingue Orgella, ki, li menm, byen resevwa demach Prezidan an.

Ann Ayiti, nan moman anpil sektè nan sosyete nasyonal la –sitou klas politik la- leve vwa yo pou di yo pa dakò ak pwojè chanjman konstitisyon an ke gouvènman an ap pwone a, otorite yo kontinye fè preparasyon pou randevou popilè sa a dewoule nan dat 27 jen 2021 pwochen an.

Prezidan Komisyon sou Refòm Konstitisyon an, ansyen Prezidan Pwovizwa Boniface Alexandre, fè konnen anpil rankont milti-sektoryèl deja dewoule sou kesyon an atravè leyi a. Kounyela a komisyon an ap tann pwopozisyon chak sektè oubyen strikti òganize yo pou responsab yo pouse pou pi devan ak pwoje refòm konstitisyon an.

Bò kote pa l, Senatè Youry Latortue, fondatè e prezidan pati politik Ayiti Ann Aksyon (AAA), deklare kareman referandum nan se yon demach legal. Kòm rezon ki jistifye pozisyon sa a, Misye Latortue deklare:

“Referandum nan ilegal, li enkonstitisyonel e yo pa dwe fè l. Tankou n ap di sa depi 2020, se pa konsa pou yo chanje konstitisyon an. Entènasyonal la potko gen lekti sa a; men jodi a yo rejwenn nou.”

Pandansetan, Prezidan Jovenel Moise repete apèl pou dyalòg li te deja lanse pou l mande tout sektè-kle nan vil nasyonal a -tou espesyalman opozisyon demokratik ak popile a- mete ansanm ak gouvènman l nan pou yo chache yon solisyon pou kriz k ap sakaje peyi a depi kèk ane deja. Nan apèl sa a Misye Moise di:

“Mwen pa janm sispann lonje lamen e louvri bra mwen bay frè m ak sè m yo nan opozisyon an. Peyi a malad; se pitit li sèlman ki ka geri l.“

Sepandan anpil lidè opozisyon an, tankou Youri Latoutue ak Mèt André Michel, rejte apèl sa a kontrèman ak lidè Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil la, Joseph Domingue Orgella, ki, li menm, byen resevwa demach Prezidan Moise la. Li fè konnen:

“Pi fò òganizasyon nan konsèy la ap pwone dyalòg; y ap pwone yon rezolisyon pasifik kriz la, paske kraze-brize a pa p mennen nou okenn kote. Se Ayiti l ap fè fè bak e se Ayisyen k ap pèdi plis espwa pou yo fè peyi a rive kote yo reve fè l rive a.”

N ap raple ke semèn pase a 2 gwo aktè nan kominote entènasyonal la, Lèzetazini ak Inyon Ewòp la, te anonse yo pa p patisipe nan finansman referendum nan. Avan sa, 68 manm chanm bas Kongrè ameriken an te voye bay Sekretè Deta Antony Blinken yon lèt kote yo te mande pou administrasyon Biden nan pa t itilize lajan kontibyab ameriken yo pou sipòte konsiltasyon popilè sa a ni dirèkteman, ni endirèkteman.

XS
SM
MD
LG