Accessibility links

Breaking News

Anpil Diplomasi ap Fet sou Twitter ant Diplomat Ayisyen ak Dominiken yo


claude-joseph
claude-joseph

Tout bagay te kòmanse ak yon tweet ke prezidan dominiken Luis Abinader te fè, kote li te lanse yon SOS bay kominote entènasyonal la.

San pèdi tan, Minis Afè Etranje ayisyen Claude Joseph te raple chèf leta dominiken an ke Depatman D'eta Ameriken pratikman mete tou 2 peyi yo nan menm panye respektivman akoz enkyetid Etazuni genyen pou sityasyon sekirite lakay yo.

Pou Depatman Deta Ameriken an, Repiblik Dominikèn nan Nivo 3 - kivledi sitwayen Ameriken ta dwe "Rekonsidere Vwayaje ", Ayiti limenm nan Nivo 4, kivledi "Pa Vwayaje".

Kèk èdtan apre, yon gwo responsab nan Chanselri Dominiken an te anonse sou Twitter tou ke yo pran on desizyon migratwa pou yo femen pwogram viza etidyan ke yo te genyen pou elèv ayisyen yo.

Ki enpak desisyon sa pral genyen sou etidyan ayisyen ki ap viv Repiblik Dominikèn? Nap suiv.

XS
SM
MD
LG