Accessibility links

Breaking News

Gang 400 Mawozo Lage Tout Misyonè Ameriken li te Kenbe ann Otaj yo


Moun AP pa idantifye nan yon machin kap pran direksyon ayewopo a depi katye jeneral Christian Aid Ministries nan Titanyen, o no Potoprens, Ayiti, 16 Dec. 2021.
Moun AP pa idantifye nan yon machin kap pran direksyon ayewopo a depi katye jeneral Christian Aid Ministries nan Titanyen, o no Potoprens, Ayiti, 16 Dec. 2021.

Gary Desrosiers, pòtpawòl Polis Nasyonal Ayisyen an konfime nan yon konvèsasyon ak VOA Kreyòl ke gang 400 Mawozo libere rès misyonè gwoup Christian Aid Ministries li te kenbe yo. Derosiers pat vle bay okenn lòt detay.

Yon anplwaye Christian Aid Ministries konfime nouvel la nan yon konvesasyon ak VOA Kreyol maten an tou. Li pat vle bay non ni men li deklare "se yon nouvel ki bay ke kontan."

Yon mesaj Christian Aid Ministries pibliye sou sit entènèt li di:

“Nou bay Bodye glwa paske li reponn priyè nou. Rès 12 otaj yo LAGE! “ Mesaj la ajoute ke “kounyea tou le 17 misyonè nou renmen anpil yo sen e sof. Mesi pou tout priyè yo pandan 2 mwa ki sot pase yo. Nou espere bay plis enfòmasyon le nou kapab.“

Gang la te lage 5 pami 17 otaj li te kidnape yo pandan semèn ki sot pase yo.

Nap raple ke gang 400 Mawozo te kidnape 17 misyonè entranje (16 Ameriken ak yon Kanadyen) 16 Oktob pase a. Yo te mande yon ranson $1 milyon dola pa tet pou lage moun sa yo. Nan gwoup la te gen timoun. lidè gang la te menase pou touye otaj yo si yo pat satisfè demann ni an.

Etazini voye plizye responsab la jistis, ansanm ak ajan FBI ann Ayiti pou travay ak Polis Nasyonal Ayisyen an (PNH) sou liberasyon misyonè yo.

Se 21 Novanm pase a ke Christian Aid Ministries te anonse liberasyon 2 misyone. Li pat bay anpil detay sou sikonstans liberasyon yo non plis, eksepte pou di li te kontan a mo moun yo lage, ke yo an bonn eta e ke yap resevwa swen. Apre sa, 6 Desanm yo te lage 3 lot misyone.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG