Accessibility links

Breaking News

Chèf Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Léon Charles, Bay Demisyon Li


Léon Charles, èks-kòmandan pwovizwa Polis Nasyonal d Ayiti (PNH).
Léon Charles, èks-kòmandan pwovizwa Polis Nasyonal d Ayiti (PNH).

Kòmandan pwovizwa Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Léon Charles, bay demisyon l. Nouvèl la fè konnen M. Charles deja gen yon ranplasan: se Frantz Elbé ki te okipe jiskela pòs enspektè jeneral nan PNH.

Nouvèl ki sòti Pòtoprens nan fen apremidi jounen jedi 21 oktòb 2021 an fè konnen komandan pwovizwa Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Léon Charles, bay demisyon l.

Chèf PNH la pran desizyon sa a pa lontan aprè kèk gwoup nan sektè opozisyon an te lanse yon apèl serye bay Premye Minis Ariel Henry pou mande l ranplase M. Charles nan tèt fòs polis la.

Youn nan dirijan opozisyon an ki te leve lavwa pou mande revokasyon Léon Charles, se avoka André Michel ki te pale nan non sektè demokratik e popilè a pou di Premye Minis Henry gen jiska premye novanm 2021 pou l aplike akò li te siyen avèk kèk dirijan opozisyon an. Pami kondisyon ki nan akò sa a sanble ta genyen ranplasman chèf PNH la.

Menm sous la fè konnen Léon Charles deja gen yon ranplasan: se Frantz Elbé ki te okipe jiskela pòs enspektè jeneral nan PNH.

XS
SM
MD
LG