Accessibility links

Breaking News

Otorite Latiki Arete Sitwayen Ayisyen Samir Handal, Yo Jwenn 3 Paspò sou Li


Videyo Arestasyon Sitwayen Ayisyen Samir Handal nan Latiki
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:09 0:00

Videyo Arestasyon Sitwayen Ayisyen Samir Handal nan Latiki

Dapre ajans laprès Demirören DHA, yo te arete Samir Handal byen bone nan jounen lendi 16 novanm nan a 6:55AM, lè Latiki, ak 3 paspò sou li: ayisyen, jòdanyen ak palestinyen

Ajans laprès leta Peyi Latiki, Anadolu, pote presizyon sou kondisyon arestasyon òmdafè Samir Handal nan ayewopò entènasyonal Istanboul la nan moman li t ap fè yon eskal ant Etazini ak Lajòdani.

Otorite tirk yo, ki t ap abòde dosye a madi 16 novanm 2021 an, fè konnen se sou yon avi rechèch Interpòl ke yo arete Samir Handal kii deja reponn kesyon yon tribinal. Kounye a li nan yon prizon nan Istanboul pou 40 jou sou òdonans Ministè Jistis peyi a.

Minis afè etranjè ayisyen an, Claude Joseph, te lanse yon kanpay entènasyonal pou jwenn jistis pou Prezidan Jovenel Moise. Li pibliye yon mesaj sou kont Twitter ofisyèl li kote li remèsye minis afè etranjè Peyi Latiki a Mevlut Cavu Soglu …

Pandansetan, efò diplomatik ap fèt konsènan dosye kolonbyen Mario Antonio Palacios Palacios ke Jamayik te arete e mete nan prizon pou wol li ta jwe nan asasina Prezidan Moise la. Efò sa yo gen rapò ak posiblite pou otorite jamayiken yo aksepte transfere li ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG