Accessibility links

Breaking News

Latiki Arete Sitwayen Ayisyen Samir Handal


Claude Joseph Mevlüt Çavuşoğlu
Claude Joseph Mevlüt Çavuşoğlu

Biwo Chanselye Ayisyen an Claude Joseph, konfime arestasyon Handal ki se youn nan sispèk la jistis Ayisyen ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Biwo Chanselye Ayisyen an di VOA Kreyol ke Claude Joseph te gen on konvèsasyon nan telefòn ak Chanselye Tik la Mevlüt Çavuşoğlu poul remèsye Latiki pou arestasyon Samir Handal la.

Chanselye Claude Joseph di li pral kontinye efò diplomatik yo ak peyi Latiki pou Samir Handal ka transfere byen vit ann Ayiti epi parèt devan tribinal.

XS
SM
MD
LG