Accessibility links

Breaking News

PM Ayisyen Ariel Henry Planifye Eleksyon pou Ane Pwochenn


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pandan yon entevyou ak Associated Press nan rezidans prive nan Potoprens, 28 Sept. 2021.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pandan yon entevyou ak Associated Press nan rezidans prive nan Potoprens, 28 Sept. 2021.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry fe konnen li gen entansyon oganize yon referandom pou modifye konstitusyon peyi a d'isi mwad Fevriye, epi apre sa li espere oganize eleksyon prezidansyel ak lejislatif nan komansman 2022.

Nan yon entevyou li bay Associated Press Madi, Henry pa mete anpil enpotans nan pawol opozan li yo ki akize'l deske li vle rete sou pouvwa a. Premye minis la di mekonfyans se youn nan pi gwo defi li gen pou'l leve yo.

Henry fe konnen referandom nan se yon priyorite paske yon majorite pesonaj politik epitou lide sosyete sivil rejte konstitusyon ki ann aplikasyon kounyea.

Li ajoute yon nouvo konsey elektoral ke li va nomen pwochenman va responsab pou chwazi dat vot sa yo. Premye minis la poko nomen manm nouvo konsey sa a - apre li te pran desizyon pou'l disoud konsey elektoral pwovizwa Prezidan Jovenel Moise te nomen.

XS
SM
MD
LG