Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lekòl ak Biznis Rete Pòt Fèmen Akoz Kriz Politik la Ki Kontinye Dejenre


Mnifestan ki ame yo ak wòch pandon yon jounen pwotestasyon nan Pòtoprens kont Prezidan Jovenel Moïse, 20 septanm 2019.
Mnifestan ki ame yo ak wòch pandon yon jounen pwotestasyon nan Pòtoprens kont Prezidan Jovenel Moïse, 20 septanm 2019.

Manifestan okipe beton an toupre palman an pandan y ap pwoteste kont gouvènman an nan Pòtoprens, 23 Septanm 2019.


Biznis ak lekol te fèmen madi 24 Septanm nan Pòtoprens pandan sektè prive a ann Ayiti pwoteste kont ensekirite ak dezòd ki anvayi nasyon an.

Pandanstan, jounalis fotograf pou Associated Press Dieu Nalio ap refè apre li te fin pran yon bal nan machwè lè yon senatè nan pati opouvwa a te rale zam li e tire nan lakou palman an. Yon gad sekirite te blese tou ak yon bal nan vant. L ap refè apre li te fin resevwa tretman nan yon lopital toupre a.

Senatè Ralph Féthière te tire kout zam lè sipòtè opozisyon an te koumanse rele sou li e te pwoche sou li yon jan agresif pandan li ta pwal moute nan oto li.

Senatè Ralph Fethiere
Senatè Ralph Fethiere

Senatè a, youn nan 2 palmantè pati opouvwa a ke moun wè nan foto ak zam nan men li, te la lendi a kòm manm Sena a pou yon vòt konfimasyon sou Premye-minis nome Fritz William Michel. Yo pa t arete yo. Li pibliye yon deklarasyon kote li kondane ensidan an e defann aksyon li, pandan li fè konnen li te yon viktim.

« (Mwen) kondane ak tout fòs kèk endividi ak move entansyon ki pa t ezite ouvè pòt oto mwen pou yo agrese m fizikman. Yon otorite lajistis te konstate mak bal yo sou oto mwen,” se sa deklarasyon an di.

Nan yon entèvyou sou estasyon radio lokal Scoop FM, Lidè Sena a Carl Murat Cantave te deklare ke li menm tou te pran kou anba men sipòtè palmantè opozisyon an nan palman an.

« Vyolans pa gen plas nan politik ann Ayiti, » se sa yon Biwo Depatman Deta pou Afè Emisfè a di LaVwadlamerik, e li ajoute, « menm lè nou rekonèt jan li enpòtan pou nou fòme yon gouvènman pou abòde pwoblèm ijan yo ann Ayiti. »

Piyaj, atak

Kondanasyon sa a vini apre yon jounen piyaj ak atak apre manifestan ki te move kou kong te pran lari, te reyaji sou nouvèl ki pale de tire ki te fèt nan Sena-a. Banque de L’Union Haïtienne (BUH) nan katye luxueu Juvena te jwenn moun piye sak diri, mayi moulen ak lòt atik ki te nan depo nan etaj anlè yo, e apre sa yo te mete dife.

Minis deziye pou spò ann Ayiti a te di jounalis ke yo te fè l remèt machin li pandan li t ap kite otèl Karibe ki nan Juvena tou, kote Fritz William Michel ak kèk manm kabinè li te reyini pou yo tann nouvèl sou vòt Sena a. Minis la pa t blese apre madam-nan te remèt asayan yo oto li e te retounen nan otèl la.

Ayiti ap lite pou l mete fen nan dezòd la depi mwa Mas pase, lè Premye-minis Jean Henry Céant te demisyone anba presyon nan yon vòt non-konfyans.

Sitwayen ke Prezidan Jovenel Moïse chwazi pou pòs premye-minis la gen akizasyon kòripsyon ki sou do l, sa ki te pouse opozisyon an sakaje (oubyen vandalize) palman an pou bloke vòt konfimasyon l. Alòske chanm depite-a fin apwouve nominasyon Msye Michel la 3 Septanm pase-a, Sena a pa reyisi apwouve l apre li te eseye 5 fwa.

UNGA

Kèk obsèvatè ap poze kesyon pou konnen si lidè aktyèl yo konnen kouman pou yo gouvène.

Msye Moïse, ki dabò te ranvwaye yon vwayaj nan Nouyòk kote li ta pwal pale nan Asanble Jeneral Nasyon Zini an, te anile vwayaj la lèndi swa. Li te fè konnen se Minis Afè Etranjè Bocchit Edmond k ap reprezante Ayiti nan Asanble Jeneral Nasyon Zini e li diskou a nan plas li.

Jean Robert Philippe nan Nouyòk ak Renan Toussaint nan Pòtoprens te kontribye nan repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG