Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sena: Demand pou Fòmamsyon yon Komisyon pou Ankete sou Eskandal nan Gran Kò a


Ayiti: 4 senatè opozisyon yo: Senatè Nenel Cassy, Antonio Chéramy, Evalière Beauplan, Ricard Pierre Foto: 30 me 2019.
Ayiti: 4 senatè opozisyon yo: Senatè Nenel Cassy, Antonio Chéramy, Evalière Beauplan, Ricard Pierre Foto: 30 me 2019.

Group senatè nan opozisyon an ekri prezidan sena a Carl Murat Cantave pou fikse yon seri kondisyon avan dewoulman seyans ratifikasyon politik jeneral Premye Minis nonmen an Fritz William Michel.

2 group senatè mande yon konferans prezidan yo pou diskite pwoblèm entèn enstitisyon an apre yon seri eskandal tankou senatè ki gen non yo site nan aktivite kidnaping, detounman lajan leta ak kout lajan anba tab an echanj pou vote anfavè politik jeneral pwochen chèf gouvènman an. Prezidan sena a deklare l ap travay ak senatè yo pou idantifye epi rezoud pwoblèm yo.

Pandanstan oken dat poko fikse pou premye minis nonmen an Fritz William Michel vin fè deklarasyon politik jeneral li devan sena a. Senatè yo mande fòmasyon yon komisyon pou ankete sou yon seri eskandal ki frape enstitisyon an.

XS
SM
MD
LG