Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Jovnèl Moyiz sou Kriz Politik la ann Ayiti


Prezidan ayisyen an Jovnèl Moyiz.
Prezidan ayisyen an Jovnèl Moyiz.

Ann Ayiti, nan yon mesaj Prezidan Jovnèl Moyiz mete devan pèp la nan sware madi 24 pou leve mèkredi 25 septanm 2019 la, li rekonèt gravite yon sitiyasyon ki pa sispann degrade nan peyi a e li anonse fèm volonte li pou l fè efò ki nesesè pou l jwenn yon solisyon pou kriz la. Misye Moyiz, ki mande inyon tout sitwayen pou jwenn solisyon sa a, di se pou l kapab prezan nan peyi a e pran tèt efò pou jwenn yon konsansis ant tout sektè sou yon mach-a-swiv pou rezoud kriz la ki fè l anile yon vwayej li te gen pou l fè nan New York, kote li te gen pou l pran lapawòl devan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an jedi 26 septanm 20019 la. Men mesaj Prezidan ayisyen an nan totalite li.

-------------------------------------------------------------------------------

Pèp Ayisyen,

Sitwayen ki nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a,

Mwen voye yon gwo kout chapo pou nou tout. Mwen anile vwayaj mwen te sipoze fè nan peyi lèzetazini, pou patisipe nan 74ème sesyon odinè nasyonzini, poum kapab adrese pwoblèm kap frape peyi a.

Mwen vle pale avè nou jodi a, sou konjonkti politik, ekonomik ak sosyal la. Nou konnen depi kelke tan Ayiti ap travèse yon sityasyon ki malouk anpil. La mizè ap taye banda. Chomaj, ensekirite ak latwoublay politik anpeche timoun ale lekol, paralize anpil lot aktivite. Evènman sa yo gen anpil move konsekans sou lavi nou ak lavi pitit nou. Nou konnen anpil sitwayen ap viv o jou le jou. Yo dwe soti chak jou pou yo jwen kichoy pou mete nan kay la pou ti moun yo ka manje. Nou konnen tou Lavni peyi a depann de bon jan pen lenstriksyon nou bay ti moun yo.

Mwen gen yon panse espesyal pou chak moun, chak fanmi, chak antreprenè piti kou gwo, chak sitwayen ki viktim anba zak ensekirite ak kraze brize denye tan sa yo.

Lè administrasyon piblik la ap mache o ralanti, DGI ak ladwoann fèmen, se mwayen Leta pap genyen pou ede yon bon pati nan popilasyon an ki nan bezwen. Genyen anpil nan bezwen sa yo kip pa ka tann, pa ekzanp pwoblèm lamanjaj, pèmèt manman ak pap pitit jwen ti tchotcho pou ede timoun yo pandan ane lekòl la, sibvansyon sou pwodwi petwolye, fè lopital ak sant sante mache, peye pwofesè ak polisye, elatrye. Mwen konnen tou anpil sitwayen denonse, avek rezon, lese ale ki genyen nan enstitisyon ki sipoze kolekte lajan pou leta yo. Nou deja koumanse pran desizyon pou rezoud sa. Gen anpil dezòd nan enstitisyon yo. Sa pap ka kontinye.

Pèp ayisyen,

Jan nou tout konstate li, sitiyasyon peyi a degrade depi kelke mwa akòz enstisyon ki la pousa yo pa rive fè travay yo kòm sa dwa pou mete kanpe yon gouvènman lejitim ki ka reponn ak pwoblèm ekonomik e sosyal yo enpi rezoud tout bon vre pwoblem ensekirite a. Fok lajistis fè travay li pou nasyon an ka viv nan lapè ak serenite

Mwen tande kri pèp la. Mwen tande e m konstate dezespwa nou. Ayiti pap peri. Ayiti pa dwe peri. Se pou nou tout ranmase kouraj nou. Mete men nan men, voye sou kote tout sa ki divize nou. Se pou nou anbrase tout sa ki ini nou, ansanm nou kapab. Ansanm an nou mete men pou nou fè kriz sa a tounen yon opòtinite pou mete tout bon vre, yon fwa pou tout, Ayiti sou wout devlopman.

Fòs sosyal yo, fòs politik yo, fòs ekonomik yo, jodi a, yon lot fwa anko, mwen lonje men ba nou, si nou pa anvi fè sa pou tèt nou, an nou fè li pou Ayiti. Si nou pa anvi fè sa pou tèt nou, an nou fè li pou pitit nou ak pitit pitit nou.

Sou zafè bòn mach enstitisyon yo Konstitisyon an banm responsabilite pam ke m dwe asime ke m ap asime. Pandan map rekonnèt responsabilite branch pouvwa lejislatif la ak pouvwa jidisyè a. An nou chita ansanm, an nou koopere pou bati ayiti nouvle a. Pèp ayisyen, reveye w. Si voyolans ak kraze brize te ka bati Ayti, nou tap gentan fè sa deja. Si retire ko w mete pam te ka bati Ayiti, nou t ap gentan fè sa deja. Si kraze byen moun, si detwi lavi moun, si anpeche ti moun ale lekol te ka bati ayiti nou t ap gentan fè sa deja. Si atake byen moun ak bloke wout te ka retire pèp la nan gragou nou tap gentan fè sa deja. Depi plis pase trant lane se sa sèlman nap fè. Se poutèt sa jodi a mwen vin di nou ann fè yon lòt bagay. Lòt bagay la se gade yonn lòt nan je, lot bagay la se chita ansanm pou nou ka jwenn akò sou dezakò nou. Pou n ka jwenn antant sou mezantant nou.

Nou tout renmen Ayiti. Nou tout gen plan pou devlope Ayiti. Nou tout panse si nou te nan plas yon lot nou tap fè pi byen pase l. Jodia a, an nou mete tout plan sa yo sou tab la, an nou triye tout sa ki bon ladan yo, an nou mobilize tout moun, fanm van yan ak gason van yan ki nan mitan nasyon an, an nou mete tèt nou ak fòs nou o sèvis peyi a.

Haïti attend de nous d’être de véritables patriotes. Aujourd’hui soyons les rédempteurs de la Nation. Inscrivons à l’encre indélébile une nouvelle page d’histoire de cette glorieuse Nation. Les racines historiques des malheurs qui s’abattent sur nous aujourd’hui sont profondes et vivaces. Nous pouvons les conjurer. Nous devons les conjurer.

Ayons le courage d’oser nous unir. Ayons le courage de rejeter les pratiques qui ont nourri nos adversités. Le devoir de la refondation nationale nous incombe. Mes chers concitoyens, je vous demande une trêve historique pour entamer les réformes institutionnelles, sociales et économiques indispensables au développement national. Je me suis promis de ne pas répondre à la violence politique par la violence. Je réponds à la violence politique par le dialogue.

Pèp ayisyen,

Mwen pap reponn vyolans ak vyolans. Map reponn vyolans ak dyalog. Ayiti se pou nou. Nou pa gen peyi derechanj. Kelke swa lot nasyonalite nou ta pran, n ap toujou rete ayisyen. Kelke swa kote nou ale sou latè Ayiti ap toujou rete nan kè nou. Sa ki atache nou ak tè sa a, sa ki atache nou ak kilti sa a pi gwo pase tout sa ki divize nou. Mwe vle pou nou pa janm bliye sa. Se poutèt sa map mande nou fè tout jefò nou kapab pou nou mete peyi sa sou wout chanjman tout bon vre.

Mwen Premye Minis Lapin enstriksyon pou pran dispozisyon, prese prese, pou rezoud gwo pwoblèm ki gen nan chenn sekirite enteryè peyi a. Premye devwa leta se sekirize lavi ak byen moun. Se pou nou pran tout dispozisyon pou lavi ka reprann.

Mwen mande Konsèy sipéryè salè a leve pye l sou koze salè minimum nan, pou travayè ak travayèz rale yon souf.

Mes chers compatriotes,

Après de multiples tentatives, nous avons constaté que le Sénat n’est pas en mesure de remplir ses obligations constitutionnelles, afin de doter le pays d’un gouvernement légitime, ou de réfuter suivant les formes admises par les lois de la République et les principes démocratiques, la déclaration de politique générale de deux gouvernements successifs, en sept mois et en six séances avortées. J’en prends acte.

Ayiti se pou nou. Nou gen obligasyon pou asime responsabilite nou devan nasyon an ak devan listwa. Se poutèt sa mwen lonje men bay tout fòs nasyon an, pou nou chita ansanm, pou nou fòme yon gouvènman dinyon nasyonal ki gen kapasite ak lejimite pou adrese ansanm pwoblèm ijan peyi a ap travèse. Pwoblèm yo anpil : eleksyon, konstitisyon, rann kont sou kijan lajan leta depanse, refòm idantite, refom enejetik, refom kredi ki pou bouste pwodiksyon nasyonal la, enfrastrikti ak anpil lot kesyon ke sèl yon gouvènman dinyon nasyonal ap kapab adrese.

Mwen pap kouri devan responsabilite m. Men jodi a mwen vin di nasyon an ke mwen bezwen èd li. Mwen pa dakò, mwen pap janm ka dakò sitiyasyon prekarite frè m ak sèm yo ap viv. Mwen pa dakò, mwen pap jan m ka dakò pou fatra ak dezolasyon simaye tribò babò. Map fè appel ak kolektivite a, majistra yo, kazek, azek ak delege vil yo, an nou mete men pou rele chal bare dèyè fatra.

Nou konnen nan politik se pa tout aksyon w poze ki bay rezilta tout swit, menm jan tou nou konnen anpil pwoblèm popilasyon an mande rezilta tout swit. An nou travay ansanm, an nou lite ansanm pou Ayiti nou reve a ka tounen yon reyalite.

Map fini pou m di nou pa gen kòz pèsonn ki plis enpotan pase kòz pèp la. Pa gen enterè pèsonèl, pa gen ti paskout kap ka barikade chimen devlopman pep ayisyen an deside pran.

Pou peyi a ak pou zansèt yo, an nou mache ansanm.

Viv pèp ayisyen an !

Viv Ayiti.

---------------------------------------------------------------------

Klike sou lyen anba a pou w suiv vèsyon "audio" mesaj Prezidan Jovnèl Moyiz la.

Mesaj Prezidan Jovnèl Moyiz pou pèp ayisyen an sou kriz Peyi d Ayiti ap travèse a.
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:09 0:00


Facebook Forum

XS
SM
MD
LG