Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak 18 Lòt Peyi Manm OEA Rejte Lejitimite Prezidan Venezuelyen an Nicolás Maduro


Venezuela Presidential Inauguration
Venezuela Presidential Inauguration

Ayiti vote kont lejitimite Prezidan Nicolas Maduro. 19 peyi manm OEA apwouve yon rezolisyon ki vize rejte lejitimite prezidan venezuelyen an Nicolás Maduro.

Ayiti pami 19 peyi manm sa yo ki mete sinyati yo anba rezolisyon OEA a. Nan moman deba a tap fè nan OEA sou rezolisyon kont rejim Maduro a, yon gwoup sitwayen venezuelyen tap pwoteste kont Prezidan Maduro devan building nan. Prezidan Nicolás Maduro an may 2018 te reeli pou yon 2èm manda 6 zan apre eleksyon yo te rive fèt ak yon fèb kantite sitwayen ki te al vote.

Opozisyon politik venezuelyèn an te dekouraje eleksyon sa yo li kwè rejim Karakas la tap manipile. Lèzetazini ak 13 lòt peyi nan Amerik la te rejte rezilta eleksyon prezidansyel Venezuela 2018 yo. Vòt OEA rive an mèm tan Prezian Maduro prete sèman nan Karakas jounen 10 janvye a.

XS
SM
MD
LG