Accessibility links

Breaking News

Rapò FAO (ONU pou Manje ak Agrikilti) sou Grangou nan Amerik Latin nan ak Karayib la


Rejyon Karayib la ak Amerik Latin nan.
Rejyon Karayib la ak Amerik Latin nan.

Nan yon rapò ki sòti nan FOA (Oganizasyon Nasyon Zini pou Manje ak Agrikilti), ajans la fè konnen Amerik Latin nan ak Karayib la pa sou wout pou yo reyalize "Objektif No. 2 Pwojè l’ONU pou Devlopman Dirab la", ki se desanm nivo grangou sou latè nan nivo zewo. Poukisa? Se paske kantite moun nan 2 rejyon sa yo ki souzalimante, ogmante pou yon 3èm ane youn aprè lòt. Chif la se 39 milyon 300 mil moun pou ane 2017 la; e pi gwo ogmantasyon an rive nan Amerik di Sid.

Rapò FOA a remake tou malnitrisyon nan rejyon an prezante sou divès fòm:

1.- Youn sou chak gwoup 10 timoun ki genyen mwens ke 5 kan, montre siyn ki fè wè yo pa grandi, fizik yo pa devlope kòmsadwa;

2.- Youn sou chak gwoup 4 gran moun soufri ak obezite, sètadi yo gen yon vant ki gwo depase limit;

3.- Anfen youn sou chak gwoup 5 fanm ki nan laj pou yo fè pitit ap soufri ak anemi.

Moun k ap pwoteste pou denonse move eta sante yo akoz malnitrisyon nan Venezuela.
Moun k ap pwoteste pou denonse move eta sante yo akoz malnitrisyon nan Venezuela.

Rapò a atire atansyon sou yon sitiyasyon ki twoublan, paske koz pwoblèm yo idantifye fwa sa a --menm lè espesyalis yo konnen li, yo pa ka chanje anyen nan sa --se yon pwoblèm malnitrisyon ki poze nan rejyon e ki se rezilta chanjman moun yo oblije pote nan sistèm alimantè yo, yon sistèm ki baze sou pwodui ki a la dispozisyon yo, alòske se eleman sa yo menm ki detèmine kantite, kalite ak divèsite alimantasyon ki disponib pou konsomasyon popilasyon an. Kèk nan faktè ki koze chanjman sa a se, antwòt, yon fenomèn ibanizasyon akselere, yon chanjman nan eleman nitritif ki nan manje yo mete sou nouvo fòm pwodiksyon ak tretman aliman yo.

Rapò Oganizasyon Nasyon Zini pou Maje ak Agrikilti konsènan grangou nan Amerik Latin nan ak Karayib la, ajoute:

Abitan yo di: "Latè pa vle bay manje jan sa te konn fèt lontan."
Abitan yo di: "Latè pa vle bay manje jan sa te konn fèt lontan."

"Inegalite sosyal ak ekonomik ki tipik pou rejyon an vin agrave pwoblèm ki poze nan domèn nitrisyon an; e nan gwoup ki plis vilnerab yo (tankou segman popilasyon an k ap viv nan povrete a), genyen timoun yo, fanm yo, manm gwoup etnik endijèn yo ak abitan k ap viv nan mòn yo ak vilaj yo."

Tout gwoup nou site la yo ekspoze anba gwo pwoblèm grangou avèk malnitrisyon, daprè rapò FAO a sou sa l’ONU rele mank pwogrè nan efò Amerik Latin ak Karayib la ap fè pou yo reyalize ODD yo (ki se Objektif Devlopman Dirab yo).

XS
SM
MD
LG