Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Ayisyen an Apwouve Pou Prezidan Préval Rete Sou Pouvwa a Apre 7 Fevriye 2011


Depite ayisyen yo vote byen ta jedi swa pwojè-lwa prezidan René Preval voye bay chanm bass la pou mande l' pwolonje manda li pou jouk mwa me 2011 si eleksyon pa rive dewoule nan fen ane a. Malgre entansyon yon gwoup depite te manifeste (ou malgre tantativ timid, sèten) pou "kraze kowòm nan" pou anpeche lwa a pase, vòt la fèt e li sòti afavè prezidan an ki pral benefisye yon ralonj sou manda li.

Desizyon sa a, tankou obsèvatè yo te atann li, pa rantre nan santiman (pa jwenn adezyon) anpil lidè politik, ann Ayiti kou aletranje, ki pa mete dlo nan bouch yo pou denonse aksyon prezidan de la Repiblik la ak palmantè yo.

Ansyen senatè Edgard Leblanc (Òganizasyon Pèp Kap Lite, OPL) nan yon deklarasyon li fè nan mikwo Serge Rodriguez vandredi di "li sispèk genyen yon kesyon lajan (koripsyon) nan vòt sa a". E reyaksyon yo pa favorab non plis bò kote kèk òm politik nan diaspora a Ozetazini, tankou nan vil Orlando, Eta Florid, pa ekzanp.

Pou reyaksyon kèk aktè sou sèn politik ayisyen an avèk korespondan nou nan Pòtoprens, Clarens Renois, fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a.

NB: Genyen lòt reyaksyon toujou nou kapab koute. Annik klike sou Pwogram nou yo nan fenèt ki agòch paj wèb la epi ale sou pwogram 8 tè diswa a.

XS
SM
MD
LG