Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite a  Boukle Manda li Lendi 10 Me a


Depite ayisyen yo mete yon pwen final lendi 10 me a nan manda 4 an yo-a. Gen 2 pwojè lwa ki te nan òd di jou a: youn sou patènite, lòt la sou koripsyon.

Depite Steven Benoît di Lavwadlamerik sou 50 lwa chanm nan vote pandan lejislati sa a, genyen 2 ladan yo ki enkonstititsyonèl. Pami yo: lwa ki pwolonje manda prezidan René Préval pou 3 mwa si eleksyon yo pa rive fèt nan Novanm nan.

Palmantè a tou fè bilan 48èm lejislati a pou VOA kèk moman anvan seyans kloti a.

"Gen anpil lwa ki enpòtan pou nou ki pa gen tan vote, men kanmenm gen lwa tankou lwa patènite, konsa, ke nou pral' vote nan dènye jou a ki ekstrèmeman enpòtan. Lwa kont la koripsyon an ki--jodia nou pral' eseye vote'l tou---ki ekstrèmeman enpòtan pou nou... men pa kont gen nan lwa yo ki enkonstitisyonèl, ke'm regrèt ke majorite a twonpe'l atravè vòt sa yo -- tankou, vòt Eta Dijans la ke'm te vote kont, ak vòt ki lonje manda prezidan an ke, ankò yon fwa, mwen vote kont. Mwen panse 2 lwa sa yo, se 2 lwa "entachées de scandal" ke majorite a, malerezman, pa wè ", selon depite Benoît.

XS
SM
MD
LG