Lidè politik ayisyen Evans Paul rejte demach prezidan René Préval ap fè pou palman an pwolonje manda l aprè 7 fevriye 2011. Msye Paul di kalte demach sa a ba l' kè sote e sa kapab lage peyi a nan yon lòt kriz politik.
Evans Paul se lidè Platfòm Altènativ, ki gen ladan l: KID, OPL, avèk Fusion. Li fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou ak Ronald César.