<!-- IMAGE -->
Prezidan ayisyen an reyafime entansyon l pou l fini manda 5 an li an an me 2011 si eleksyon yo pa rive fèt nan fen ane 2010 la.
Sepandan, chèf leta a di l' ap pran tout dispozisyon pou eleksyon yo fèt nan mwad Novanm nan ann Ayiti akòz konsekans tranblemann tè janvye 2010 la.
Prezidan René Préval fè deklarasyon sa a pandan yon konferans pou laprès mèkredi 6 me a nan kapital ayisyen an, Pòtprens. Korespondan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Clarens Renois, te prezan.