Accessibility links

Breaking News

Yon Palmantè Mande Aksyon Sevè Kont Moun Kap Fè Trafik Timoun



<!-- IMAGE -->

Prezidan yon komisyon palmantè k'ap defann dwa timoun nan peyi Dayiti mande pou otorite ayisyen yo pran aksyon djanm pou mete fen nan trafik timoun kap vale teren alèkile nan peyi a.

Prezidan Komisyon Dwa Timoun nan chanm depite a fè konnen li gen anpil kè sote devan ogmantasyon trafik timoun kap fèt ann Ayiti depi katastwòf 12 janvye 2010 la.

Depite Noël Eliphète mande lapolis ak lajistis pran dispozisyon ki nesesè pou frennen fenomèn trafik timoun nan ke lalwa kondane. Eliphète kwè otorite yo dwe pran sanksyon tou kont paran ki ta mele nan afè vann timoun nan.

Depi tranblemann'tè 12 Janvye a, se tout tan lapolis ap arete moun oubyen gwoup moun pou swadizan enplikasyon (supposée) yo nan trafik timoun.

2 dènye ka ki te fè gwo eskandal nan laprès ann Ayiti e Ozetazini, se ka 10 misyonè ameriken lapolis ayisyèn te arete 29 janvye 2010 avèk 33 timoun, mete ak 24 lòt ti ayisyen lapolis arete, sa pa gen lontan, nan rejyon sant peyi Dayiti.

NB:Jacques Jean-Baptiste revize epi korije atik sa a. jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG